Kijan pou Enskri pou Lekòl Piblik Boston (BPS) yo
- Pou telechaje enfòmasyon sa yo nan lang natif natal ou, itilize navigatè ou a pou enprime paj sa a.
- Gade Zouti Enskripsyon Lekòl pou Fanmi konplè nou an.
Klike la a pou w enskri pou Klas BPS K0, K1, K2, 6, 7, ak 9.
Kòmansman Enskripsyon priyoritè: Mèkredi, 4 janvye, 2023
Dat limit Dat limit Enskripsyon Priyoritè: Vandredi, 3 Fevriye, 2023
Klike la a pou w enskri pou tout lòt klas BPS yo.
Enskripsyon priyoritè pou tout lòt klas yo kòmanse: Mèkredi, 8 Fevriye, 2023
Dat limit enskripsyon priyoritè a pou tout lòt klas yo: Vandredi, 7 Avril, 2023
Kisa distri Lekòl Piblik Boston an (Boston Public Schools) ye?
Lekòl Piblik Boston — yo souvan rele l BPS tou — se distri lekòl piblik gratis la pou vil Boston. Gen anviwon 73 pousan timoun nan Boston ki gen laj pou lekòl ki enskri nan yon lekòl BPS. Gen plis pase 113 lekòl BPS nan Boston. Lekòl BPS yo sèvi elèv nan klas K0 rive nan K2 (laj 3 zan rive jiska 5 an) jiska 12yèm ane ak pi lwen toujou.
Lis Lekòl Piblik nan Boston yo
-
Klike isit la pou wè Pwofil Lekòl nou pou tout lekòl BPS yo avèk zouti School Finder nou an.
Dat limit pou enskripsyon nan BPS ak Lis Verifikasyon
Enskripsyon pou lekòl BPS yo kòmanse byen bonè. Peryòd enskripsyon priyoritè a se janvye rive mas nan menm ane timoun ou an ap antre lekòl. Pa egzanp, si timoun ou an ap antre nan klas K2 nan mwa septanm 2023,ou dwe enskri timoun ou an pou lekòl nan mwa janvye 2023.
Boston School Finder ankouraje anpil pou enskri pandan peryòd enskripsyon priyoritè a pou klas timoun ou an ap antre a akòz sa bay plis chans pou jwenn yon plas nan yon lekòl BPS ou vle a.
Si w ap panse pou enskri timoun ou an nan yon lekòl BPS, men kèk etap pou aplike pou Lekòl Piblik Boston yo pou ane lekòl 2023-2024 an ak lè ou dwe fini etap sa yo.
Novanm 2022
-
Konprann kijan BPS asiyen elèv yo nan lekòl li yo. Pa gen garanti ke w ap jwenn yon lekòl nan "katye" a. BPS itilize yon Règleman pou Asiyen selon Kay (Home-Based Assignment Policy, HBAP) ki kalkile distans ak lekòl la, kalite lekòl la ak preferans frè/sè yo nan opsyon lekòl ki disponib yo pou timoun ou an.
-
Jwenn lis opsyon lekòl BPS ki disponib pou ou nan DiscoverBPS.org
-
Aprann plis sou chak lekòl sou lis ou a lè ou itilize Zouti Boston School Finder nou an pou wè paj Pwofil Lekòl yo an detay pou chak lekòl BPS ki sou lis ou a.
-
Vizite lekòl pandan yo BPS School Preview Days an Novanm, Desanm, ak Janvye.
Desanm 2022
-
Pre-enskripsyon pou sistèm enskripsyon nan lekòl sou entènèt Boston nan. Sa ap rann enskripsyon an pi fasil nan randevou ou nan Sant Dakèy la si ou fini sa davans.
-
Pran yon randevou pou finalize verifikasyon rezidans ou an pèsòn nan yon Sant Akèy BPS OSWA a distans nan telefòn pou w pa bezwen tann lè anpil moun ap enskri yo anmenmtan.
-
Ale nan yon Sant Akèy pou finalize verifikasyon rezidans ou, OSWA
-
Finalize verifikasyon rezidans ou nan telefòn ak yon espesyalis enskripsyon BPS.
-
-
BPS egzije fanmi yo pou bay prèv idantite*, kote yo rete nan Boston* ak dosye vaksinasyon pou enskri timoun yo a lekòl. Paran/responsab yo dwe pote CHAK nan dokiman sa yo nan randevou nan Sant Dakèy BPS yo a:
- Idantifikasyon ki gen foto paran/responsab
- Sètifika nesans orijinal timoun ou an (oswa, si nesesè, paspò oswa I-94)
- Dosye vaksinasyon timoun ou an ki pi ajou a (Men yon lis vaksinasyon eta a egzije pou enskri pou lekòl.)
- De (2) prèv ke ou rete nan Boston
- Si gen nesesite pou jwenn aranjman medikal oswa timoun ou an gen yon andikap, ou dwe bay dokiman sa yo tou.
*Lekòl Piblik Boston yo fyè pou ofri edikasyon bay tout elèv kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo. Boston gen plis pase 3,000 elèv sanzabri e lalwa egzije pou bay yon plas lekòl ak transpò pou elèv sa yo kèlkeswa kote yo rete pwovizwaman. Lis chwa lekòl BPS ou a pa pral depann de adrès. Gen kèk règ sou zafè dokimantasyon ki p ap twò sere.Rele BPS nan 617-635-9000 pou konnen kijan pou enskri timoun ou an si ou menm oswa timoun ou an pa gen yon adrès pèmanan ak/oswa pa gen dokimantasyon.
Janvye 2023
-
Enskripsyon priyoritè pou elèv k ap antre nan klas K0, K1, K2, 6, 7, ak 9 ap kòmanse 4 Janvye, 2023 epi ap fèmen 3 Fevriye, 2023.
-
Pou ane lekòl 2023-2024 la, ou ka enskri elèv ou nan Lekòl Piblik Boston yo de fason:
-
An pèsòn nan yon Sant Akèy: Planifye yon randevou nan Sant Akèy Dorchester, East Boston oswa Roslindale. Pou pran yon randevou, klike isit la oswa rele (617) 635-9046.
-
A distans nan telefòn: Planifye yon randevou pou enskri elèv ou nan telefòn ak lèd yon espesyalis enskripsyon BPS. Pou pran yon randevou, klike isit la oswa rele (617) 635-9046.
-
Fevriye 2023
-
Enskripsyon priyoritè pou elèv k ap antre nan tout lòt klas yo ap kòmanse 7 fevriye, 2023 epi ap fini 7 avril, 2023.
-
Pou ane lekòl 2023-2024 la, ou ka enskri elèv ou nan Lekòl Piblik Boston yo de fason:
-
An pèsòn nan yon Sant Akèy: Planifye yon randevou nan Sant Akèy Dorchester, East Boston oswa Roslindale. Pou pran yon randevou, klike isit la oswa rele (617) 635-9046.
-
A distans nan telefòn: Planifye yon randevou pou enskri elèv ou nan telefòn ak lèd yon espesyalis enskripsyon BPS. Pou pran yon randevou, klike isit la oswa rele (617) 635-9046.
-
Mas—Me 2023
-
Notifikasyon plasman nan lekòl yo pou elèv k ap antre nan Klas BPS K0, K1, K2, 6 oswa 9 nan mwa septanm nan y ap voye yo paimèl pa nan Mwa Mas la 31.
-
Yo pral voye notifikasyon devwa lekòl la pou klas 7 ak tout lòt klas yo pa imel anvan 31 me.
-
Yo pral voye tout notifikasyon afektasyon lekòl BPS yo nan kourye postal nan adrès lakay ki anrejistre yo. Si w te enskri w pandan peryòd enskripsyon priyoritè w a men w pa t resevwa afektasyon BPS ou yo anvan dat ki parèt pi wo yo, tanpri rele nimewo telefòn gratis pou enskripsyon BPS yo: 617-635-9046.
-
Sonje: si ou te deloje apre enskripsyon an, chanjman nan adrès ou ka afekte lekòl ou ak opsyon transpò yo. Tanpri ale sou sitwèb BPS la pou jwenn plis enfòmasyon sou chanjman adrès.
Kalite Lekòl BPS ak Pwogram
Avèk plis pase 20 konfigirasyon klas, gen anpil kalite lekòl ki sèvi plizyè kalite nesesite elèv nan plis pase 113 lekòl piblik Boston yo. Anba a gen enfòmasyon sou plizyè kalite lekòl ak pwogram ki disponib nan BPS.
Pou elèv elemantè ak premye sik segondè yo
Nivo klas K0 ak K1
BPS ofri yon ti kantite plas lekòl, men k ap ogmante, pou elèv nan laj 3 ak 4 an, selon fòmil anba a:
Si timoun ou an pral gen laj _____ an anvan 1ye septanm ane li sipoze kòmanse lekòl la, li kalifye pou antre nan klas _____.
-
Laj 3 = Klas K0
-
Laj 4 = Klas K1
-
Laj 5 = Klas K2
Klas Travay Avanse (AWC) ak Ekselans Pou Tout (Excellence For All, EFA)
Klas Travay Avanse (AWC) ak Ekselans Pou Tout (EFA) se de (2) opsyon pwogram ki disponib nan lekòl BPS ki chwazi yo pou elèv nan klas 4yèm-6yèm.
- Klas Travay Avanse (AWC) se yon pwogram aplentan nan Lekòl Pilblik Boston yo ki ofri yon kourikoulòm akademik akselere pou elèv ki nan klas 4-6. Pou ane lekòl 2022-2023, AWC pa aksepte okenn nouvo elèv nan pwogram nan. Elèv 5yèm klas yo ki deja patisipe nan pwogram AWC pral gen posiblite kontinye pwogram nan nan 6yèm klas la pandan ane lekòl 2022-2023. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri vizite sitwèb BPS la.
- Ekselans Pou Tout (EFA) se yon inisyativ yo te pran pou asire tout elèv ki nan klas 4-6 kapab benefisye yon eksperyans aprantisaj wo nivo e otantik ki prepare yo pou lekòl segondè, kolèj ak lavi pwofesyonèl. EFA se yon pwogram k ap dewoule nan tout lekòl. Tout elèv ki nan klas 4-6 yon lekòl k ap ofri EFA patisipe nan pwogram sa a. Pa gen okenn kondisyon admisyon pou antre nan pwogram Ekselans Pou Tout la. Klike isit la pou jwenn plis enfòmasyon sou lekòl BPS k ap patisipe nan pwogram EFA a.
Santye pou Lekòl Premye Sik Segondè
Pou elèv ki nan pwogram edikasyon jeneral yo, pifò lekòl elemantè BPS asosye ak yon lekòl premye sik segondè oswa ak yon lekòl K-8yèm. Yo rele sa yon lekòl "pasrèl" (pathway). Elèv ki nan klas 5yèm ane yo e k ap asiste nan lekòl ki asosye ak yon lekòl Pasrèl pral resevwa yon lèt pa lapòs nan mwa janvye pou yo ka konnen Lekòl Pasrèl yo pou pwochen ane lekòl la (6yèm ane).
Fanmi yo te mèt aksepte epi enskri pitit yo a nan lekòl Pathway yo ba yo a. Fanmi yo ka refize tou epi chwazi yon lòt lekòl ki satisfè bezwen yo. Si ou vle pou pitit ou a ale nan yon lòt lekòl olye de lekòl Pathway yo ba li an, fanmi yo dwe kontakte Sèvis Dakèy yo epi patisipe nan pwosesis enskripsyon an pou yo chwazi yon lòt lekòl BPS.
-
Gade Gid Resous pou Pakou Premye Sik Segondè nou an pou yon lis ak kat jeyografik lekòl pakou BPS yo.
Pou elèv lekòl segondè yo
Lekòl Egzamen
Boston gen twa "lekòl ki bay egzamen dantre" pou elèv ki nan klas 7yèm–12yèm. Aksè nan lekòl egzamen sa yo depann de nòt ak rezilta elèv yo te jwenn nan yon eprèv distri a. Aprann plis sou Lekòl Egzamen Boston yo nan gid resous Lekòl Egzamen nou an.
Lekòl segondè yo ki egzije admisyon espesyal oswa kondisyon anplis pou aplikasyon
Gen 33 opsyon lekòl segondè BPS. Sis nan opsyon lekòl segondè sa yo gen kondisyon anplis pou admisyon. Kondisyon anplis sa yo ka gen ladan yon aplikasyon apa, anplis pou lòt materyèl yo tankou disètasyon, rekòmandasyon pwofesè oswa achèvman yon odisyon.
Pou jwenn konsiderasyon pou nenpòt nan lekòl admisyon espesyal sa yo, lekòl sa yo dwe nan klasman nan lòd preferans EPI elèv yo dwe fini nenpòt kondisyon anplis pou aplikasyon ke chak lekòl presize. Kòm admisyon espesyal yo ak kondisyon anplis pou aplikasyon yo varye selon lekòl la, tanpri ale sou Pwofil Lekòl la pou chak lekòl ki anba yo:
Pou Tout Klas yo
Lekòl Inovasyon yo
Yon lekòl inovasyon te ogmante otonomi ak fleksibilite nan kourikoulòm, bidjè, orè ak kalandriye, pèsonèl, devlopman pwofesyonèl ak règleman distri a. Lekòl inovasyon yo reprezante yon chans pou komite lekòl lokal yo – an koperasyon ak sipè-entandan, sendika pwofesè, paran, patnè ekstèn yo ak lòt – pou rann pwòp lekòl yo endepandan.
Boston gen senk Lekòl Inovasyon:
Lekòl Pilòt yo
Lekòl pilòt yo gen fleksibilite nan anboche, bidjè ak kourikoulòm. Lekòl pilòt yo gen yon varyete konfigirasyon klas nan klas elemantè, premye ak dezyèm sik segondè.
Boston gen 20 lekòl pilòt:
Lekòl Piblik Endepandan Horace Mann yo
Gen sis lekòl piblik endepandan Horace Mann nan Boston ki se lekòl BPS e yo gratis. Yo rele lekòl piblik endepandan Horace Mann tou lekòl endepandan "nan distri".
Remak enpòtan: lekòl endepandan Horace Mann yo separe de lekòl piblik endepandan Commonwealth yo, ki PA fè pati distri BPS la.
Lekòl piblik endepandan Horace Mann yo kouvri plizyè kalite konfigirasyon nan klas elemantè, premye sik ak dezyèm sik segondè. Admisyon nan lekòl piblik endepandan Horace Mann yo se atravè tiraj. louvri Chak nan sis lekòl piblik endepandan Horace Mann yo gen pwòp pwosesis enskripsyon ak tiraj yo.
Pou wè enfòmasyon sou enskripsyon endividyèl konsènan sis lekòl piblik endepandan Horace Mann yo, tanpri ale sou Pwofil Boston School Finder yo a oswa sitwèb lekòl la:
Lekòl Redrèsman yo
Lekòl redrèsman yo refere ak twa gwoup lekòl ke yo deziyen kòm "Pèfòmans Fèb", "Toujou Gen Pèfòmans Fèb", ak "Sipò Konsantre/Sible" atravè sistèm responsabilite lekòl eta a.
Remak: Depatman Leta Massachussetts pou Edikasyon Elemantè ak Segondè pa t delivre desizyon sou responsablite lekòl, distri oswa Leta yo an 2020 oswa 2021.
- Lekòl ki gen pèfòmans fèb yo se pifò lekòl k ap goumen nan eta Massachusetts, dapre yon analiz sou tandans yo pandan kat ane nan reyisit absoli, kwasans elèv ak tandans amelyorasyon akademik yo. Lekòl ki deziyen kòm gen pèfòmans fèb yo gen obligasyon, dapre lalwa, pou kòmanse yon pwosesis "redrèsman" akselere pou gen amelyorasyon rapid ak dirab pandan twa ane lekòl konplè.
- Lekòl yo ki kategorize jan gen nesesite pou Sipò Konsantre/Sible nan sistèm responsablite Massachusetts la se sila yo ki pa te deziyen deja kòm "gen pèfòmans fèb" oswa "toujou gen pèfòmans fèb" ki nan 10yèm pèsantil ki pi ba pou lekòl ki gen pèfòmans nan eta a, sa yo ki nan sou-gwoup ki gen pèfòmans fèb, lekòl segondè ki gen pousantaj gradye ki anba 67% ak lekòl ki gen pousantaj patisipasyon ki fèb yo.
- Dapre estrateji èd Depatman an, tout lekòl ki deziyen kòm Sipò Konsantre/Sible dwe prepare ak aplike yon plan redrèsman.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la