Kijan pou Fè Demann Admisyon nan Lekòl ki Gen Egzamen Dantre
- Pou telechaje enfòmasyon sa yo nan lang natif natal ou, itilize navigatè ou a pou enprime paj sa a.
- Gade Zouti Enskripsyon Lekòl pou Fanmi konplè nou an.
Kisa Lekòl Egzamen yo ye?
Lekòl Piblik Boston (BPS) yo gen twa "lekòl ki gen konkou" pou elèv ki nan klas 7yèm–12yèm ane. Nan lòt zòn nan peyi a, yo rele kalite lekòl sa yo "lekòl manyetik."
Men 3 "lekòl egzamen" (exam school) ki genyen nan vil Boston:
Aksè nan lekòl sa yo depann de nòt ak rezilta elèv yo te jwenn nan yon eprèv distri.
Chak lekòl ki gen konkou aksepte elèv k ap antre nan klas 7 ak klas 9. O'Bryant School aksepte yon ti kantite elèv k ap antre nan klas 10yèm ane tou.
Kiyès ki kalifye pou fè demann admisyon ak ale nan lekòl ki fè egzamen dantre yo?
Tout sa annapre yo dwe se laverite:
-
Elèv yo dwe enskri kounye a nan 6yèm, 8yèm oswa 9yèm ane (O'Bryant sèlman) pou fè demann admisyon; epi
-
Elèv yo dwe rete nan vil Boston.
Elèv ki pa fè pati Lekòl Piblik Boston yo kounye a la dwe prezante yon prèv rezidans. Klike isit la pou jwenn plis enfòmasyon sou pwosedi verifikasyon rezidans lan pou elèv ki pa asiste yon lekòl BPS men ki ta renmen enskri nan lekòl egzamen yo.
Pwosedi Admisyon nan Lekòl Egzamen BPS yo pou Ane Lekòl 2023-2024 a
-
etap 1: Enskri pou Egzamen MAP Growth la (y ap mete fòm enskripsyon an sou entènèt la 11 Oktòb 2022). Elèv yo dwe pase nan administrasyon BPS egzamen MAP Growth la nan swa an Jwen oswa an Desanm 2022 pou yo ka konsidere yo pou yon lekòl ki gen konkou.
-
Elèv BPS kounya yo ki nan klas 6-8 elijib pou pran tès la nan lekòl yo ye a ant 5 a 16 desanm 2022.
-
Elèv ki pa enskri nan lekòl BPS yo dwe pase tès la samdi 3 Desanm 2022.
-
- Etap 2: Verifikasyon Rezidans pou Elèv ki pa enskri pou kounye a nan BPS (Elèv ki nan Lekòl Prive, Pawasyal, Lekòl Endepandan Commonwealth, lekòl METCO, Lekòl Adomisil). Pwosesis verifikasyon sa a dwe fèt ant mwa 11oktòb-18 Novanm 2022 pou elèv yo ka gen aksè a sit tès la an desanm. Plis enfòmasyon disponib sou sit entènèt BPS la.
- Etap 3: Chwa lekòl la. Pandan pwosesis chwa lekòl la, fanmi yo dwe klase omwen nan yon lekòl ki gen konkou pou yo ka konsidere elèv la pou admisyon.
- Etap 4: GPA. Pou aplike pou admisyon nan yon lekòl ki gen konkou, elèv yo dwe te gen yon mwayèn jeneral B oswa pi wo (depi nan dènye trimès ane lekòl 2021-22 a rive nan de premye trimès ane lekòl 2022-23 a.
- Etap 5: Envitasyon. Tout kandida yo ap resevwa yon lèt desizyon admisyon yo nan mwa avril-Me 2023, ki ap pataje estati elèv la (envite/pa envite), rezilta global, ak nimewo nivo, epi lis datant lan si genyen.
Kalandriye aplikasyon SY2023-24
Evenman |
Dat |
---|---|
Tès MAP - Administrasyon Tès Prentan |
Jen 2022 |
Verifikasyon rezidans ak klasman lekòl pou elèv ki pa nan BPS pou kounye a |
11 Oktòb- 18Novanm 2022 |
Tès MAP Otòn - Elèv BPS ki nan klas 6 ak 8 kounye a |
6 ak 7 Desanm 2022 |
Tès MAP Otòn - Elèv ki pou kounye a nan lekòl prive, pawasyal, Commonwealth, lekòl METCO, oswa lekòl lakay nan 6, 8, ak 9; elèv klas BPS ki nan 9yèm ane pou kounye a; elèv ki nan 8yèm pou kounye a ki nan lekòl BPS ki gen konkou yo. |
3 desanm 2022 |
Koleksyon nòt ak sètifikasyon lekòl yo |
Janvye-Fevriye 2023 |
Notifikasyon sou kalifikasyon pou elèv ki satisfè kondisyon mwayèn B oswa pi gwo a |
Mas 2023 |
Desizyon admisyon yo te pibliye |
Avril-May 2023 |
Plis enfòmasyon anrapò ak admisyon nan lekòl egzamen yo pral parèt sou sitwèb BPS la.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la