Kalite Lekòl nan Boston
- Telechaje resous sa a sou fòm PDF nan lang anglè isit la.
- Pou telechaje enfòmasyon sa yo nan lang natif natal ou, itilize navigatè ou a pou enprime paj sa a.
- Gade Zouti Enskripsyon Lekòl pou Fanmi ki konplè nou an.
Kòm yon fanmi nan Boston, ou gen plis pase 200 opsyon lekòl disponib pou ou nan vil Boston sèlman. Gid Resous sa a eksplike chak kalite lekòl ki disponib pou fanmi ou, sa gen ladan opsyon andeyò Vil Boston. Ou ka fè demann admisyon nan otan kalite lekòl ou vle, men pa gen yon sèl jan pou fè demann nan tout lekòl yo; chak kalite lekòl — e menm kèk lekòl endividyèl nan chak kalite — gen pwosesis diferan.
Boston Public Schools (BPS)
Avèk kòm lòt non "lekòl distri" oswa "BPS", Lekòl Piblik Boston yo se distri lekòl piblik gratis la pou vil Boston. Gen plis pase 125 lekòl BPS nan Boston. Lekòl BPS yo sèvi elèv ki nan ane K0 rive nan K2 (laj 3 rive 5 an) jiska 12yèm ane ak apre sa.
-
Gen anpil kalite lekòl ak pwogram nan BPS, sa gen ladan lekòl pilòt ak lekòl ki bay egzamen dantre, lekòl piblik endepandan "nan distri" Horace Mann, ak pwogram tankou Advanced Work Class ak Education for All. Ale sou Gid Resous pou BPS nou an pou jwenn plis enfòmasyon.
-
Klike isit la pou wè Pwofil Lekòl nou yo pou tout lekòl BPS yo avèk zouti School Finder nou an.
Lekòl Piblik Endepandan Commonwealth
Yo rele yo tou senpleman “charter school,” gen 16 kanmpous lekòl piblik endepandan commonwealth nan Boston. Lekòl sa yo gratis epi yo louvri pou piblik la. Elèv ki enterese ka aplike nan nenpot oswa nan tout 16 lekòl endepandan yo an menm tan atravè aplikasyon Boston Charter Public School la. Se lotri chak lekol ki detèmine plasman w nan lekòl endepandan yo.
-
Ale sou Gid Resous pou lekòl piblik endepandan nou an pou jwenn plis enfòmasyon.
- Klike sa pou ka wè Pèfil lekol nou yo pou Commonwealth Charter Public Schools ak Zouti School Finder nou an.
Lekòl Prive ki gen Afilyasyon Relijye
Boston gen yon seri lekòl prive ki gen afilyasyon relijye, yo rele yo tou "lekòl pawasyal," sa gen ladan yon bon kou lekòl katolik. Menm si lekòl prive ki gen afilyasyon relijye yo koute lajan pou ale ladan yo, anpil nan lekòl sa yo ofri èd ak/oswa bous detid pou elèv yo. Gen kèk lekòl katolik ki gratis oswa ki ofri ekolaj ki sibvansyone, ki depann de revni. Chak lekòl prive gen pwòp pwosesis admisyon apa li epi egzije pwòp demann admisyon li apa. Pa gen demann admisyon komen pou lekòl prive nan Boston.
-
Ale sou Gid Resous pou lekòl prive nou an pou jwenn plis enfòmasyon.
-
Klike isit la pou wè Pwofil Lekòl nou yo pou lekòl prive relijye avèk Zouti School Finder nou an.
Lekòl Prive Endepandan yo
Anpil nan lekòl sa yo ke yo rele senpleman "lekòl prive," koute lajan pou ale ladan yo; pifò ofri èd finansye oswa bous detid pou elèv yo men gen kèk lekòl prive ki gratis. Chak lekòl prive gen pwòp pwosesis admisyon apa li epi egzije pwòp demann admisyon li apa. Pa gen demann admisyon komen pou lekòl prive nan Boston.
-
Ale sou Gid Resous pou lekòl prive nou an pou jwenn plis enfòmasyon.
-
Klike isit la pou wè Pwofil Lekòl nou yo pou lekòl endepandan prive avèk zouti School Finder nou an.
Lòt opsyon lekòl odela de Boston
Anplis de kalite lekòl ki endike pi wo a, genyen plizyè opsyon lekòl ki disponib pou fanmi ou ni andedan ni andeyò limit vil Boston.
METCO
METCO se yon pwogram gratis kote elèv Boston yo ale nan lekòl piblik nan plis pase 30 vil ak lokalite an patenarya ki andeyò vil Boston. Se yon lotri ki detèmine akseptasyon nan pwogram METCO a. Fanmi yo ki enterese nan jwenn konsiderasyon pou pwogram METCO a dwe ranpli fòmilè demann admisyon nan METCO a anliy.
-
Ale nan Gid Resous pou METCO nou an pou jwenn plis enfòmasyon.
-
Pou jwenn yon lis konplè distri k ap patisipe yo, tanpri ale sou sit wèb METCO a.
Lekòl ak Pwogram Edikasyon Teknik Pwofesyonèl/Karyè
Ki rele tou lekòl ak pwogram "pwof-tek" (voc-tech), pou fè sa kout, lekòl ak pwogram pwofesyonèl/karyè bay elèv yo yon edikasyon nan yon konpetans espesifik oswa echanj pou karyè nan domèn tankou agrikilti, kosmetoloji, elektrisite, plonbri, etc. Pwogram sa yo ka nan yon lekòl oswa kanpis endepandan oswa ka ajoute kòm yon pis edikatif apa nan distri lekòl piblik ki egziste yo nan Massachusetts.
-
Ale sou sit wèb Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè a pou yon lis Lekòl ak Pwogram Edikasyon pou Karyè Pwofesyonèl ak Teknik nan Massachusetts. Chwazi "Ch. 74 Edikasyon pou Karyè Pwofesyonèl ak Teknik" nan lis pou dewoule "Kalite(yo)" epi klike sou "Jwenn Rezilta" pou wè lis konplè lekòl yo.
-
Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou sit wèb Edikasyon pou Karyè Pwofesyonèl ak Teknik Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè a.
Lekòl Piblik Endepandan Commonwealth yo nan Massachusetts
Anplis de 16 lekòl piblik endepandan Commonwealth yo nan vil Boston, moun ki rete Boston yo byenvini pou patisipe nan tiraj pou nenpòt nan plis pase 80 lekòl piblik endepandan Commonwealth nan eta a. Lekòl sa yo gratis e louvri pou piblik la. Lekòl piblik endepandan Commonwealth ki andeyò Lekòl Piblik Endepandan Boston yo gen pwòp demann admisyon ak dat limit pa yo. Gen souvan preferans ki baze sou katye, men tout lekòl piblik endepandan Commonwealth yo gen yon lotri kote nenpòt moun ka enskri.
-
Ale sou sit wèb Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè a pou yon lis tout lekòl piblik endepandan Commonwealth yo nan Massachusetts.
-
Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb Asosyasyon Lekòl Piblik Endepandan Piblik Massachusetts.
Chwa Lekòl Entè-Distri
Gen kèk distri lekòl ki pèmèt timoun andeyò fwontyè yo vini nan lekòl yo nan kad pwogram chwa lekòl nan lòt distri a. Paran yo dwe fè demann admisyon pou chak distri lekòl apa, epi pa gen garanti pou transfè yo. Timoun ki ale nan lekòl ki andeyò distri kote yo rete a nan kad pwogram chwa lekòl nan lòt distri a pa jwenn transpò gratis. An 2019, gen 170 distri lekòl nan eta a k ap patisipe nan pwogram nan.
-
Ale sou Gid pou Resous nou an sou Kijan pou Transfere nan yon Lòt Distri Lekòl pou jwenn plis enfòmasyon ak yon lis konplè distri lekòl k ap patisipe epi k ap aksepte elèv ki sòti andeyò distri yo.
-
Pou plis enfòmasyon sou Chwa Lòt Distri an, tanpri ale sou Gid pou Chwazi yon Lekòl Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè a.
Akademi Matematik ak Syans Massachusetts
Lekòl sa a yo rele tou "Mass Academy," chita nan Worcester, Massachusetts epi li afilye ak Worcester Polytechnic Institute (WPI). Mass Academy se yon lekòl piblik ekselans, pou ti fi ak ti gason, gratis ki enskri anviwon 100 elèv 11yèm ak 12yèm ane ki akselere akademikman nan Massachusetts. Elèv yo pran kou ki rijid nan WPI pou prepare yo pou kou kolèj anvan yo gradye nan lekòl segondè.
-
Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram li an ak fason pou aplike, ale sou sitwèb Mass Academy an.
Greater Commonwealth Virtual School (GCVS)
Greater Commonwealth Virtual School—yo rele tousenpleman GCVS— yo gratis, se lekòl piblik vityèl ki ofri edikasyon K-12 konplètman sou entènèt. GCVS bay elèv tout nivo fleksibilite pou gen yon kourikoulòm sou entènèt ki ap pèmèt yo aprann depi lakay yo toutpandan y ap ranpli tout estanda edikasyon nan Massachussets, anba diresyon profesè eta sètifye ki resevwa fomasyon e ki gen eksperyans nan anseye nan anviwonman lekòl vityèl.
-
Pou plis detay sou enskripsyon an, tanpri vizite sit wèb Greater Commonwealth Virtual School la.
TEC Connections Academy Commonwealth Virtual School (TECCA)
TEC Connections Academy Virtual School—yo rele l tou senpleman TECCA—se yon lekòl piblik vityèl gratis ki ofri edikasyon K-12 konplètman sou entènèt. TECCA ofri elèv yo yon lòt chwa bon kalite anliy pa rapò ak saldeklas tradisyonèl la gras a yon pwogram etid ankourajan ak endividyalize; ansèyman ki bay rezilta; eksperyans aprantisaj enteresan; ak divès kourikoulòm pou devlope kiryozite, kwasans pèsonèl avanse, epi favorize pwogrè akademik.
-
Pou jwenn plis enfòmasyon sou enskripsyon, tanpri ale sou sit wèb TEC Connections Academy Commonwealth Virtual School.
Lekòl Lakay: Edike Pitit ou Lakay ou
Nan Massachusetts, fanmi yo ka bay pitit yo yon edikasyon lakay yo — separe e endepandan de tout lekòl piblik oswa prive. Yo rele sa “lekòl lakay.” Lè ou chwazi edike pitit ou a lakay, pwogram lekòl lakay la (yo rele l tou yon plan edikasyon) dwe jwenn apwobasyon direktè rejyonal ansèyman an oswa komite lekòl distri an davans. Pou rezidan Boston yo, sa vle di ou dwe depoze plan edikasyon pitit ou a devan Biwo Lekòl Piblik Boston yo pou Opòtinite Aprantisaj Elaji epi yo dwe apwouve l.
- Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo pou edikasyon lakay pou fanmi yo, tanpri vizite Gid Demaraj pou Lekòl Lakay sa a ki se yon piblikasyon Massachusetts Home Learning Association (MHLA). MHLA se yon òganizasyon reprezantasyon ak edikasyon ki pa pou pwofi ki apwouve aprantisaj lakay kòm yon lòt opsyon apa lekòl piblik oswa prive.
- Pou plis enfòmasyon sou kijan pou kòmanse pwosesis demann lekòl lakay la nan Boston, tanpri ale sou paj Homeschooling lan nan Biwo Chans Aprantisaj Elaji a (Office of Expanded Learning Opportunities) sou sit entènèt BPS la. Si ou gen lòt kesyon, tanpri voye yon imèl pou homeschooling@bostonpublicschools.org.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la