Kijan ak kilè pou enskri pou lekòl
- Pou telechaje enfòmasyon sa yo nan lang natif natal ou, itilize navigatè ou a pou enprime paj sa a.
- Gade Zouti Enskripsyon Lekòl pou Fanmi ki konplè nou an.
Pa gen yon sèl pwosesis enskripsyon oswa aplikasyon pou tout 200+ lekòl nan Boston yo. Men etap pou swiv yo pou aplike pou tout kalite lekòl nan Boston ak lè ou dwe fini etap sa yo pou ane lekòl 2022-2023 an.
Nan mwa novanm, desanm ak janvye 2021, eksplore opsyon ou yo.
-
Revize kalite lekòl yo nan Boston (ak lòt kote) ki disponib pou fanmi ou.
-
Kreye yon lis lekòl w ap enskri oswa aplike pou yo. Nou sijere ou konsidere chak kalite lekòl, piske ou pa gen plasman ki garanti nan okenn lekòl patikilye.
-
Aprann plis sou chak lekòl sou lis ou a lè ou itilize Zouti Boston School Finder nou an pou wè paj Pwofil Lekòl yo an detay pou chak lekòl ki sou li ou a OSWA
-
Jwenn lis opsyon lekòl BPS ki disponib pou ou nan DiscoverBPS.org
-
Eksplore opsyon Lekòl Piblik Endepandan nan Boston yo nan www.applybostoncharters.com.
-
Eksplore opsyon lekòl prive ki gen afilyasyon relijye yo sou sitwèb Biwo Lekòl Katolikyo.
-
Eksplore opsyon prive endepandan sou sitwèb Asosyasyon Lekòl Endepandan Nouvèl Angletè (ASINE)
-
Al dekouvri 30+ distri k ap patisipe yo nan pwogram METCO a, ki soti nan lotri, epi fè demann admisyon sou entènèt pandan youn nan kat peryòd demann admisyon pa lotri METCO yo:
-
7 oktòb jiska 6 desanm 2021
-
20 desanm jiska 28 fevriye 2022
-
Soti 3 Mas pou rive 3 Avril 2022
-
-
-
-
Gade enfòmasyon sou kalite lekòl yo epi vizite chak lekòl ou enterese ale ladan. Akòz pandemi k ap gaye kounye a, vizit lekòl an pèsòn gendwa pa disponib pou tout lekòl ki enterese w yo. Nou konseye fanmi yo pou yo kontakte chak lekòl endividyèlman konsènan kapasite yo pou ofri vizit lekòl.
Nan mwa janvye, fevriye ak mas 2022, enskri ak aplike pou lekòl yo ki nan lis ou a.
Ou ka aplike pou otan diferan kalite lekòl ou vle men pa gen yon sèl fason pou aplike nan tout lekòl yo; chak kalite lekòl gen pwosesis ki pa menm.
Sonje: ou ka toujou refize yon plas ke ou te enskri oswa aplike pou li ke ou rive jwenn—men ou pa ka refize yon plas ou pa te jwenn akòz ou pa te enskri oswa aplike pou li.
-
Pou enskri pou Lekòl Piblik Boston yo, ale sou DiscoverBPS.org epi kontakte Sèvis Dakèy yo pandan peryòd enskripsyon priyoritè ou a.
-
Enskripsyon priyoritè pou etidyan k ap entre nan klas K0, K1, 6, 7, ak 9 ap kòmanse le le 5 Janvye 2022 epi
l ap fèmenle 28 Janvye, 2022delè enskripsyon ap pwolonje jiska Vandredi 4 Fevriye 2022. -
Enskripsyon priyoritè pou elèv k ap antre nan tout lòt ane yo (K2, 1ye-5yèm, 8yèm, 10yèm-12yèm) ap kòmanse nan dat 7 fevriye 2022 epi fèmen 1 avril 2022.
-
Pou jwenn plis enfòmasyon detaye sou enskripsyon nan lekòl BPS yo, tanpri ale sou Kijan pou Enskri pou Gid Resous BPS nou an.
-
-
Pou aplike pou tiraj Lekòl Piblik Endepandan Boston yo, ranpli aplikasyon ou sou entènèt nan www.applybostoncharters.org.
-
Demann admisyon nan lotri lekòl piblik endepandan yo ap louvri nan dat 1ye oktòb 2021 epi fini nan 28 fevriye 2022.
- Pou jwenn plis enfòmasyon detaye sou enskripsyon nan lekòl BPS yo, tanpri ale sou Jan pou Enskri pou Gid Resous Lekòl Piblik Endepandan yo.
-
-
Pou aplike pou lekòl prive ki gen afilyasyon relijye ak prive endepandan yo, tanpri gade sou sitwèb lekòl nou yo pou aplikasyon ak dat limit presi yo.
Nan mwa mas, avril ak me 2022, revize afektasyon lekòl ou yo epi pran desizyon ou.
-
Revize afektasyon lekòl ou yo. Tou depann de kalite lekòl ou aplike pou yo a, w ap resevwa notifikasyon pou plasman nan plizyè moman:
-
BPS nòmalman enfòme fanmi elèv k ap antre nan klas K0, K1, 6yèm, 7yèm ak 9yèm sou afektasyon lekòl yo lè 31 mas oplita; tout lòt klas yo ap resevwa afektasyon lekòl yo lè 31 me oplita.
-
Lotri lekòl piblik endepandan Boston yo ap fèt le 9 Mas 2022. Lekòl sa yo nòmalman fè elèv yo konn rezilta lotri yo nan kòmansman mwa Mas.
-
Plasman nan lekòl prive yo ak notifikasyon yo varye tou depann de lekòl la.
-
Distri METCO yo enfòme fanmi yo sou plasman yo pandan prentan ak ete a, bonè depi nan mwa fevriye ak byen ta nan fen mwa septanm, lè ane lekòl la te deja kòmanse. (Poutèt sa, METCO enfòme fanmi yo pou yo gen lòt opsyon pou enskri nan lekòl anplas anplis de aplikasyon pou tiraj METCO a.)
-
-
Amezi lekòl yo bay elèv ou a, rezilta lotri yo, akseptasyon nan lekòl yo, notifikasyon pou lis datant yo, ak desizyon sou èd finansye yo ap vin disponib, konsidere priyorite ki pi enpòtan yo pou fanmi ou ak elèv ou a. Byen gade tout dat limit yo pou endike akseptasyon ou (si sa aplikab). Gid sou Kijan pou Pran Desizyon Final Ou sou Lekòl nou an ka ede w rete òganize pandan w ap pran desizyon final ou an.
-
Pou fini, chwazi lekòl ki apwopriye pou ou a epi enskri elèv ou a.
-
Yon fwa ou pran desizyon ou, kontinye epi enskri elèv ou a nan lekòl la.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la