Kesyon ki Souvan Poze
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la
-
Misyon Boston School Finder se pou sipòte fanmi nan Boston yo nan chwazi yon lekòl ki bon pou timoun yo ak fanmi yo. Nou kolekte ak pataje done ki detaye e disponib piblikman sou Boston Public Schools (BPS), lekòl piblik endepandan yo ak lekòl pawasyal yo. Done sa yo prezante yon fòma ki fasil pou konprann.
-
Non, Boston School Finder pa evalye lekòl yo. Boston School Finder sèlman mete done yo disponib piblikman, ki anvan sa te distribiye sou plizyè sit diferan oswa òganizasyon epi santralize li nan yon sèl kote pou li ka fasil pou jwenn ak itilize. Nou bay done ki egzak epi ki disponib piblikman nan tout sektè lekòl yo pou chak fanmi ka deside ki lekòl ki pi bon pou timoun yo.
-
Wi! Sit nou an disponib nan lang angle, arab, kreyòl ayisyen, chinwa, pòtigè, somali, panyòl ak vyetnamyen. Ou ka chwazi lang ou pi pito a nan pati anlè nan ekran an.
-
Si ou ta renmen vin yon paran anbasadè, voye yon imèl bay parentambassadors@bostonschoolfinder.org avèk cv ou an anèks.
Si ou ta renmen antre an kontak ak pèsonèl Boston School Finder, voye yon imèl bay contact@bostonschoolfinder.org.
-
Boston School Finder sou Facebook (@BostonSchoolFinder), Twitter (@BosSchoolFind) ak Instagram (@BostonSchoolFinder). Swiv nou pou rete ajou!
-
Ou ka enskri pou bilten enfòmasyon nou an lè ou voye mesaj BSF bay 345345, lè ou soumèt fòm sa a oswa lè ou voye imèl bay contact@bostonschoolfinder.org.
Bilten enfòmasyon nou an bay paran yo, fanmi yo ak patnè kominote yo enfòmasyon ki ede yo navige pwosesis enskripsyon lekòl la, ki gen ladan konsèy ak resous sou enskripsyon nan lekòl yo, dat apèsi lekòl yo k ap soti, dat limit ak aktivite ki gen rapò ak lekòl yo, nouvèl edikasyon lokal, ak plis ankò. Nou pap janm pataje oswa vann enfòmasyon ou yo.
Tou depan de sezon an, bilten enfòmasyon nou an soti chak semèn pou chak lòt semèn.
-
Pou elèv ki nan Boston Public Schools (BPS):
- Elèv nan klas PreK-5 yo asiyen nan yon bis lekòl jòn tradisyonèl si y ap viv nan yon distans ki plis pase 1 mil (1.6 km) de lekòl yo a.
- Elèv yo ki nan klas 6yèm yo asiyen nan yon bis lekòl jòn tradisyonèl si y ap viv nan yon distans ki plis pase 1.5 mil (2.41 km) de lekòl yo a.
- Elèv yo ki nan klas 7yèm ak 8yèm yo jwenn yon lese-pase T gratis si y ap viv nan yon distans ki pa plis pase 1.5 mil (1.6 km) de lekòl yo a.
- Elèv ki nan klas 9yèm-12yèm resevwa yon lese-pase T si y ap viv nan yon distans ki plis pase 2 mil (3.22 km) de lekòl la.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou transpò konsènan BPS isit la.
Lòt lekòl (piblik endepandan, prive) ka gen lòt opsyon transpò. Tcheke ak lekòl endividyèl yo pou jwenn plis enfòmasyon.
-
Klas Travay Avanse (AWC) se yon opsyon nan anpil lekòl piblik Boston (BPS). Yon kourikoulòm akademik akselere oswa avanse disponib nan kèk lekòl BPS pou elèv yo nan klas 4yèm-6yèm. Yo aksepte elèv yo nan klas AWC sou baz nòt yo nan yon tès ki rele TerraNova (yo bay tout elèv yo TerraNova a). Elèv yo nan AWC gwoupe ansanm nan klas yo. Gen kèk lekòl ki fè tranzisyon nan Ekselans pou Tout, ki pèmèt tout elèv nan klas 4yèm-6yèm jwenn aksè ak kourikoulòm AWC a kèlkeswa nòt tès yo a.
-
Boston Public Schools (BPS) anglobe distri lekòl piblik la pou vil Boston. Se Sipè-Entandan pwovizwa Laura Perille ak komite lekòl Boston (kote se majistra ki nonmen manm yo) ki dirije anviwon 125 lekòl piblik nan Boston yo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou enskripsyon timoun ou an nan BPS nan paj resous nou an.
-
Boston Public Schools (BPS) gen twa lekòl egzamen ki sèvi elèv nan klas 7yèm rive 12yèm ane: Boston Latin School (BLS), Boston Latin Academy (BLA) ak John D. O'Bryant (O’Bryant) School. Elèv ki aktyèlman enskri nan klas 6yèm, 8yèm oswa 9yèm yo kapab aplike e jwenn admisyon sou baz kalifikasyon ak nòt tès yo nan ISEE (Egzamen Dantre Lekòl Endepandan), yon egzamen nasyonal. Elèv ki enterese yo ka pran ISEE a epi soumèt lekòl egzamen yo sou lis preferans yo lè yo enskri pou BPS nan mwa janvye.
Si ou vle pran ISEE a pou antre nan lekòl egzamen yo, yo bay li nan otòn pou ane enskripsyon anvan an. Pa egzanp, si ou pral enskri nan 7yèm nan ane 2020, elèv la dwe pran ISEE nan otòn 2019.
Ou ka jwenn plis detay sou lekòl egzamen BPS sou paj resous nou yo oswa nan ale sou paj lekòl egzamen BPSa.
-
Lekòl piblik endepandan yo se lekòl piblik ki pa afilye ak BPS. Yo sitiye nan vil la, lekòl piblik endepandan yo sèvi anviwon 11,000 elèv nan tout klas, yo gratis pou ale epi admèt elèv yo atravè tiraj louvri. Antre nan tiraj la pa vle di ou dwe chwazi lekòl sa si ou jwenn admisyon - li sèlman vin yon lòt opsyon pou aksepte oswa refize.
Lekòl piblik endepandan nan Boston yo pèmèt ou antre nan tiraj la pou tout lekòl yo (sof Bridge Boston) atravè yon sèl sistèm. Ou ka kreye yon idantifyan epi antre nan tiraj la nan klike isit la.
Ou ka aprann plis tou konsènan lekòl piblik endepandan yo sou paj resousnou an.
-
Yon lekòl pawasyal se yon lekòl prive afilye ki gen yon legliz oswa òganizasyon relijyez. Boston gen anpil lekòl pawasyal atravè vil la, pifò se Katolik. Pifò lekòl pawasyal chaje frè lekòl men anpil ofri èd finansye bay fanmi yo. Ou ka aprann plis sou lekòl pawasyal yo e jan pou aplike sou paj resousnou an, oswa ale sou sit entènèt Repètwa Lekòl Katolik yo nan Boston.
-
Yon lekòl endepandan se yon lekòl prive ki pa afilye ak yon òganizasyon relijyez. Boston se kay pou plis pase 30 lekòl prive ki pa katolik. Lekòl endepandan yo chaje frè ekolaj men anpil bay èd finansye pou fanmi. Ou ka aprann plis sou lekòl endepandan yo e jan pou aplike sou paj resous nou an oswa lè ou ale sou sit entènèt American Independent Schools of New England (AISNE).
-
METCO ( Konsèy Metwopoliten pou Opòtinite Edikatif) se yon pwogram ki te kòmanse nan ane 1966 pandan epòk Dwa Sivil yo. METCO refere ak elèv Boston yo pou plis pase 30 distri lekòl piblik andeyò Boston. Enskripsyon nan pwogram METCO a se atravè tiraj sou entènèt. Aplike pou tiraj METCO isit la sou entènèt Pou aprann plis sou pwogram METCO a, ale sou sitwèb METCO epi li nan gid resous Kijan pou Aplike pou METCO nou an.
-
Tout lekòl segondè Boston Public Schools (BPS) yo disponib pou tout elèv, kèlkeswa nan ki pati nan lavil ou abite. Gen kèk lekòl segondè nan BPS ki ka mande yon pwosesis aplikasyon espesyal. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou lekòl segondè BPS yo ak egzijans aplikasyon/egzamen yo isit la. BPS itilize yon sistèm asiyasyon ki chita sou adrès pou klas K -8, kidonk, lekòl BPS ki disponib pou ou yo pral varye selon adrès ou ak nenpòt sèvis espesyalize fanmi ou kalifye pou li. Gade "Kesyon ki Souvan Poze" nou an sou sistèm Asiyasyon Lakay la pou aprann plis.
Lekòl piblik endepandan, pawasyal ak prive yo louvri tou pou tout rezidan yo. W ap jwenn aplikasyon pou Lekòl Piblik Endepandan nan Boston isit la.
-
Lè yon fanmi swete enskri nan BPS, sistèm Asiyasyon dapre Kote ou Rete a (HBAP) asiyen chak fanmi yon lis lekòl pèsonalize pou chwazi, dapre kote fanmi an ap viv la. Ou ka ale sou Dekouvri BPS pou jwenn lis lekòl aplikab ou a.
Pou ka gen plis chwa, li rekòmande ke fanmi yo enskri pandan delè ki pi bonè a pou BPS.
Yon lis fanmi gen ladann chak lekòl ki sitiye nan yon reyon yon mil (1.6 km) de lakay fanmi an. Lis la gen ladann omwen de lekòl ki ap pi byen pèfòme nan BPS epi omwen kat lekòl ki nan tèt mwatye pèfòmans distri a.
Si lekòl yo ki nan yon reyon yon mil pa reponn ak kalifikasyon sa yo, sistèm dapre kote ou rete a gen ladann lekòl pi pre ki gen pi gwo pèfòmans nan yon lis fanmi.
Fanmi yo klase opsyon lekòl yo epi yo asiyen yo pa tiraj. Ale sou BPS pou aprann plis sou sistèm Asiyasyon dapre kote ou rete.
-
Yon pakou BPS se lè yon fanmi nan kèk lekòl elemantè jwenn garanti yon plas nan yon lekòl 1ye sik segondè oswa K-8 ki lye. Yon pakou ede elèv yo ak fanmi yo konnen nan lekòl yo pral asiyen an. Ou ka jwenn yon lis pakou BPS isit la.
-
Massachusetts Department of Elementary and Secondary Education (DESE) responsab pou aplike lwa ak règleman pou tout lekòl piblik nan Massachusetts. Sa gen ladann finansman, kourikoulòm, tès estandadize, lisans ak evalyasyon pwofesè, edikasyon espesyal ak plis. DESE responsab tou pou idantifye ak sipòte lekòl ki p ap byen pèfòme ak distri lekòl yo. Se komisyonè Jeff Riley ak Konsèy Elementary and Secondary Education (kote se gouvènè a ki nonmen yo) ki dirije DESE a.
-
Lekòl prive yo ka mande frè lekòl? Sa yo gen ladann lekòl pawasyal ak endepandan yo. Pifò nan lekòl sa yo bay èd finansye tou. Si ou enterese pou aplike, tanpri kontakte chak biwo admisyon lekòl yo.
-
Nou enfòme fanmi yo pou aplike pou otan kalite lekòl diferan ki ka apwopriye pou fanmi yo, sa gen ladann opsyon BPS, lekòl piblik endepandan, pawasyal ak endepandan yo. Tanpri gade “Kijan pou chwazi yon lekòl” pou jwenn plis konsèy. Sonje: aplike pou yon lekòl pa vle di ou dwe ale ladann si ou jwenn admisyon - li sèlman ogmante kantite opsyon ou genyen pou timoun ou an refize oswa aksepte.
-
Boston pa gen yon sèl pwosesis enskripsyon pou tout opsyon lekòl li yo, kidonk ou bezwen enskri pou chak kalite lekòl dapre pwosesis endividyèl yo a. Rezimesa a bay yon vi dansanm sou plizyè pwosesis enskripsyon pou BPS yo, lekòl piblik endepandan ak prive/endepandan yo.
Chak nan plizyè kalite lekòl nan Boston yo gen plizyè delè pou enskripsyon ak aplikasyon.
Pou ane lekòl 2019-2020 an, delè pou enskripsyon ak aplikasyon yo se konsa:
Boston Public Schools (BPS):
- 3 janvye - 1ye fevriye: Klas K0 ak K1 (Pre-K) ak 6yèm, 7yèm ak 9yèm ane. Ale sou DiscoverBPS pou enskri timoun ou an.
- 11 fevriye - 22 mas: K2 (Kindègadenn) ak tout lòt klas yo. Ale sou DiscoverBPS pou enskri timoun ou an.
Tiraj lekòl piblik endepandan nan Boston (sof Bridge Boston):
- 28 fevriye: Tout klas yo. Ale sou Lekòl Piblik Endepandan nan Boston yo pou enskri.
- 27 fevriye: Tiraj Bridge Boston Charter School Vizite isit la pou aprann plis epi enskri.
Prive ak endepandan: Tcheke chak sit entènèt lekòl pou jwenn enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon ak delè yo. N ap jwenn lyen sit entènèt lekòl yo nan:
-
Kominote lekòl yo gen pwòp kilti yo ak pèsonalite yo. Pou pi byen evalye si yon kilti lekòl an patikilye apwopriye pou fanmi ou, pa gen anyen ki depase yon vizit an pèsòn. Tanpri gade lis verifikasyon vizit lekòl nou an pou ede w planifye vizit nan lekòl yo.
-
Boston se kay pou anpil lekòl ki gen plizyè gouvènans. Chak sektè lekòl gen pwòp pwosesis aplikasyon li.
-
Tanpri gade “Jan pou aplike.” Si ou toujou gen kesyon espesifik, tanpri kontakte nou nan contact@bostonschoolfinder.org.
-
Anpil lekòl ofri èd finansye lè yo egzije frè ekolaj. Sepandan, chak lekòl gen pwòp règleman èd finansye li. Tanpri itilize lyen "Aplike Kounya" a sou chak pwofil lekòl pou jwenn plis enfòmasyon sou opsyon èd finansye yo a, ale sou sit entènèt lekòl la dirèkteman oswa rele biwo admisyon lekòl la pou jwenn sipò. Ou ka jwenn enfòmasyon kontak lekòl la sou chak paj lekòl nan Boston School Finder.
-
Gen anpil resous disponib pou ede ou chwazi yon lekòl pou timoun ou an. Lis verifikasyon vizit lekòl sa a bay opsyon pou ede ou kòmanse.
-
Ekip devwe Paran Anbasadè nou yo travay dirèkteman avèk patnè kominotè yo nan vil la pou bay resous ak enfòmasyon dirèkteman ak elèv, paran ak fanmi yo ke y ap sèvi yo. Nan etabli yon prezantasyon nan biwo ou a oswa nan yon aktivite, Paran Anbasadè nou yo ka ekipe fanmi ou yo ak enfòmasyon sou opsyon lekòl yo ak pwosesis enskripsyon an epi ede yo enskri alavans oswa enskri pou lekòl sou plas. Si ou ta renmen kowòdone yon opòtinite prezantasyon ak youn nan Paran Anbasadè nou yo, tanpri kontakte Shellina nan parentambassadors@bostonschoolfinder.org.
-
Nou toujou ap chèche sipò kote patnè kominote yo pou gaye pawòl la konsènan Boston School Finder ak pou pataje resous pou enskripsyon lekòl avèk elèv, paran ak fanmi y ap sèvi yo. Lyen paj rezime ki anba a (dapre gwoup laj ou ap sèvi a) bay enfòmasyon sou jan nou ka fè patenarya avèk ou pou sipòte fanmi ou yo. Tanpri kontakte Boston School Finder nan contact@bostonschoolfinder.org si ou enterese nan aprann plis.
Men kèk resous ki ka pèmèt ou kòmanse.
-
Yon sistèm kontaj mezire pèfòmans lekòl ak distri a. Sa ede lekòl yo amelyore pèfòmans tout elèv yo epi ede kominote yo ak eta a deside kijan pou repati resous yo. Rezilta sou kontaj yo reponn ak de (2) kesyon: Kijan lekòl la ap bouje? ak Ki kalite sipò lekòl la bezwen?
Massachusetts Department of Elementary & Secondary Education (DESE) kolekte done chak ane sou lekòl yo pou amelyore ansèyman ak aprantisaj la, epitou asire lekòl yo reponn ak estanda eta a etabli a. Done sa yo enfòme sistèm kontaj a epi bay enfòmasyon sou jan lekòl yo ap pèfòme - kijan yo anseye elèv yo byen dapre mezi eta a te etabli. Done sa yo disponib piblikman pou tout moun ki swete jwenn yo men ki ka souvan difisil pou jwenn ak dechifre.
Boston School Finder rann kèk done disponib sou paj lekòl nou an - itilize ba rechèch nou an pou chèche lekòl nan Boston yo.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou zafè kontaj lè ou ale sou sit Kontaj DESE.
-
Gen anpil mezi sou kalite lekòl epi gen anpil fason diferan fanmi yo priyorize sa ki enpòtan pou yo lè yo chwazi yon lekòl pou timoun yo a. Lis verifikasyon vizit lekòl nou an ede ou priyorize sa ki bon pou ou ak fanmi ou epi sa pou chèche nan yon lekòl.
-
Règleman sou prouve kote moun rete pa aplike pou elèv ak fanmi ki sanzabri. Kontakte Rezo Resous Edikasyon Sanzabri BPS la nan (617 - 635 - 8037) oswa ale nan yon Sant Dakèy pou jwenn èd pou enskri pitit ou. ya yon lèt ki montre ke ou ap viv la. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb Règleman sou kote moun rete BPS la.
-
Nenpòt timoun ki gen fanmi yo k ap viv nan Vil Boston gen aksè garanti pou yon edikasyon piblik gratis nan Lekòl Piblik Boston yo. Pa gen fanmi y ap refize aksè pou lekòl akòz kondisyon imigrasyon yo. Fanmi imigran ki pa gen papye k ap viv avèk zanmi oswa fanmi yo ka konsidere kòm "sanzabri". Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb Règleman sou kote moun rete BPS la.
-
Re-Engagement Center (REC) se sèl pwogram Boston Public Schools ki espesyalman sipòte moun ki pa te fini diplòm lekòl segondè yo. Yon patenarya ant BPS ak PIC, REC bay yon anplasman santral nan yon anviwònman favorab pou elèv yo gen aksè ak resous ak konsèy yo bezwen pou enskri ankò nan lekòl ak tounen nan pwosesis gradyasyon an.
GED/HISET
Si ou ta renmen pran GED/HISET la pou ka jwenn ekivalan lekòl segondè ou a, ou ap jwenn resous yo nan lyen yo ki anba a:
Phoenix Charter Academy ap jere tou twa lekòl segondè nan Massachusetts, ki vize elèv ki ta renmen fini lekòl segondè. Lekòl nan Boston ki pi pre a se nan Chelsea. -
Si timoun ou an gen yon IEP epi ou ap antre lekòl pou premye fwa, ou gen plizyè opsyon. Si ou swete enskri timoun ou an nan Lekòl Piblik Boston (Boston Public Schools, BPS) yo, gen yon ekip k ap asiyen a ou menm pou ede ou mete elèv ou a nan yon lekòl dapre bezwen IEP li genyen yo.
Si ou ta renmen eksplore lekòl piblik endepandan yo, ou dwe pale ak lekòl endividyèl yo pou diskite jan yo pral kapab bay sèvis pou IEP a.
Pou jwenn pliz enfòmasyon ak oryantasyon, ale sou gid resous pou edikasyon espesyal nou an.
-
Tout lekòl piblik yo egzije pou bay edikasyon pou elèv yo kèlkeswa lang yo pale. Si ou pa pale Angle, timoun ou an ap bezwen yon evalyasyon. Si sa nesesè, y ap mete li nan yon pwogram ki sipòte bezwen langaj ak edikatif yo. Ale nan resous ELL (Elèv k ap Aprann Angle) nou an pou jwenn plis enfòmasyon.