Kijan pou Pran Desizyon Final Ou sou Lekòl
- Telechaje Fèy pou Suiv Anons sou Desizyon Lekòl (School Decision Notification Tracker Worksheet) nou an (angle).
- Telechaje Lis Kontwòl Vizit nan Lekòl (School Visit Checklist) nou an (angle).
- Pou telechaje enfòmasyon sa yo nan lang natif natal ou, itilize navigatè ou a pou enprime paj sa a.
- Gade Zouti Enskripsyon Lekòl pou Fanmi ki konplè nou an.
Depi nan mwa mas chak ane, ou ka kòmanse resevwa anons nan men lekòl kote ou enskri oswa fè demann admisyon yo sou òf enskripsyon oswa rezilta demann admisyon an. Gid sou Desizyon Lekòl (School Decision-Making Guide) nou an ap gide w sou sa ou dwe konsidere pandan w ap pran desizyon final ou sou lekòl w ap chwazi ki bon pou pitit ou a.
Anvan Ou Pran Desizyon Final Ou Sou Lekòl:
-
Sonje: Pa gen yon sèl kalandriye enskripsyon nan lekòl nan Boston epi chak lekòl gen pwòp kalandriye ak pwosesis anons pa li, ki vle di ou ka tande diferan lekòl nan moman diferan.
-
Etandone ou ka jwenn enfòmasyon sou òf plas yo oswa sou estati lis datant lan nan diferan moman, Boston School Finder rekòmande pou fanmi yo kenbe opsyon yo louvri jiskaske ou pare pou pran desizyon w.
-
Ou gen dwa mande pwolongasyon si w bezwen plis tan pou deside. Kontakte lekòl ou a(yo) dirèkteman pou wè si l(y) ap ba ou pwolongasyon si ou bezwen l.
Kilè Ou Ta Sipoze Tande Lekòl yo
Boston Public Schools (BPS)
-
Disi 31 mas 2023:
-
BPS ap avèti fanmi yo pa imèl sou afektasyon nan lekòl BPS yo pou elèv k ap antre nan klas K0, K1, K2, 6 oswa 9 nan mwa Septanm epi ki te enskri pandan premye peryòd enskripsyon priyoritè a soti 4 Jan.-rive 6 Fev., 2023.
-
Si ou te fè demann admisyon nan yon lekòl dezyèm sik segondè aplikasyon espesyal, ou ka resevwa avètisman separeman nan men lekòl sa yo dirèkteman.
-
-
Nan fen mwa Avril 2023:
-
Y ap voye envitasyon pou ekzamen lekòl pou kandida ki nan klas 7 yèm ak 9 yèm ane yo.
-
BPS rekòmande pou fanmi yo reponn pou dènye desizyon sou lekòl yo sou entènèt.
-
-
Disi 31 me 2023:
-
BPS ap fè fanmi yo konnen pa imèl sou afektasyon lekòl BPS yo pou elèv klas 7 yo ak tout elèv ki te enskri pandan dezyèm peryòd enskripsyon an soti 8 Fev -rive 7 Avril.
-
Lekòl Piblik Endepandan Commonwealth
-
Apre 8 mas 2023:
-
Chak lekòl piblik endepandan endividyèl pral fè lotri pa li nan dat 8 mas 2023.
-
Chak lekòl piblik endepandan chwazi jan l ap mete fanmi yo okouran rezilta lotri a. Lekòl yo ap voye yon imèl ak yon tèks dapre preferans ou te chwazi yo lè ou t ap ranpli demann admisyon nan Lotri pou Lekòl Piblik Endepandan Boston an sou entènèt pase pa SchoolMint. Fanmi yo dwe konekte sou SchoolMint pou jwenn rezilta lotri yo.
-
METCO
-
Apre fèmti chak Fenèt bous:
-
METCO pral bay referans pou Distrik Kolaboratè yo apati de kounye a jiska 1ye oktòb 2023. Distri yo enskri elèv yo nenpòt ki lè ant janvye ak 1ye oktòb anvan lekòl kòmanse.
-
Referans nan yon distri se pa yon garanti elèv ou a ap enskri. Nou rekòmande pou fanmi yo toujou gen lòt plan enskripsyon nan lekòl, anplis pwogram METCO a. Fanmi yo dwe kontinye ak lòt plan lekòl yo jiskaske enskripsyon nan yon distri METCO konfime.
-
Lekòl prive (Sa ki gen Afilyasyon Relijye ak Sa ki Endepandan)
-
Plasman nan lekòl prive yo ak anons yo varye dapre lekòl la. Tanpri kontakte lekòl la dirèkteman pou verifye dat l ap pran desizyon sou demann admisyon li yo.
Kisa pou w Fè Lè W Resevwa Anons nan men Lekòl yo
1. Òganize tout anons ou resevwa nan men lekòl yo yon sèl kote.
-
Sèvi ak Fèy pou Suiv Anons sou Desizyon Lekòl nou an pou konn dat limit yo pou desizyon enpòtan.
-
Si w bezwen plis tan pou pran desizyon w lan, nou rekòmande pou w kontakte lekòl la dirèkteman pou mande pwolongasyon ki nesesè a.
2. Vizite chak lekòl final w ap konsidere .
-
Si yon lekòl pa gen dat vizit fòmèl oswa jounen pòt ouvè, ou kapab rele lekòl la epi mande pou vizite li. Tanpri kontakte chak lekòl dirèkteman pou konnen kijan ou kapabs vizite oswa aprann plis sou etablisman yo.
-
Lis Kontwòl Vizit Lekòl nou an kapab ede w pare pou pi byen pwofite vizit ou a epi li kapab ede w limite desizyon w lan.
3. Aksepte plas la OSWA rete sou lis datant la nan nenpòt lekòl ou toujou ap konsidere.
-
Li posib pou aksepte plizyè plas nan plizyè lekòl jiskaske ou pran desizyon final ou.
-
Menm si w aksepte yon plas nan yon lekòl, li posib pou w rete sou lis datant nan lòt lekòl, men chak kalite lekòl gen diferan pwosedi lis datant:
-
BPS: Nou ankouraje fanmi yo pou yo reponn pou desizyon final sou lekòl yo sou entènèt. Gade règleman sou lis datant BPS yo sou sit entènèt yo a.
-
Lekòl Piblik Endepandan ak Lekòl Prive: Ou ka aksepte yon plas nan nenpòt/tout lekòl kote ou te fè demann admisyon epi rete sou lis datant lòt lekòl nan sektè sa yo. Si yon lekòl prive fè peye ekolaj, ou ka bezwen fè depo pou kenbe plas ou a.
-
4. Lè w fin pran desizyon final ou sou lekòl la, tanpri fè tout lòt lekòl yo konnen.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la