Patnè nou yo
Nou rekonesan pou patnè nou yo poutèt yo ede rann Boston School Finder yon zouti ki fyab e konplè pou fanmi yo. Nou travay nan tout sektè lekòl yo ak plizyè òganizasyon kominotè pou rasanble ak pataje done yo ak paran yo ki Boston.
Finansman pou Boston School Finder a se atravè Boston Schools Fund yo bay li, yon òganizasyon ki pa gen objektif fè pwofi. Konsepsyon ak devlòpman sit entènèt inisyal la, se yon ekip volontè k ap travay nan Wayfair, yon konpayi komès sou entènèt ki nan Boston ki espesyalize nan pwodui kay ki te bay li. Patnè sit entènèt aktyèl nou an, ADK, se yon ajans dijital ak konpayi devlòpman aplikasyon nan Boston. Se Smartling ki bay tradiksyon yo, yon sistèm global pou jesyon tradiksyon.
Anpil lòt òganizasyon, sa gen ladann City of Boston,Boston Public Schools, Boston Charter Alliance, Roman Catholic Archdiocese of Boston ak òganizasyon kominotè yo ki soti nan tout vil la bay konsèy ak lide sou sit la.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la