Kijan Pou Enskri pou Boston's Universal Pre-K (UPK) a ak nan Lòt Opsyon Lekòl yo pou Timoun ki gen 3 oswa 4 lane
- Pou telechaje enfòmasyon sa yo nan lang natif natal ou, itilize navigatè ou a pou enprime paj sa a.
- Gade Zouti Enskripsyon Lekòl pou Fanmi ki konplè nou an.
Nan vil Boston, li pa janm twò bonè pou w reflechi sou opsyon lekòl pou pitit ou a. Kit ou enterese nan opsyon lekòl piblik, endepandan, oswa lekòl prive, anpil lekòl aksepte elèv osi jèn ke 4 ran epi kèk menm osi jèn ke 3 zan .
Nan vil Boston, elèv ki pi jèn yo gen pwòp klas pre-K yo selon laj yo genyen yo: K0 pou timoun ki gen 3 ane ak K1 pou timoun ki gen 4 ane. K2 se klas ki souvan asosye avèk yon klas jadendanfan tradisyonèl pou nouvo elèv ki gen 5 ane.
Poukisa ou ta dwe enskri pitit 3 zan oswa 4 ran w lan pou lekòl
Gwoup laj sa a se youn nan pi gwo pwen antre nan Lekòl Piblik Boston yo, sa vle di gen yon gwo kantite timoun ki gen 4 ane, e yo tout ap eseye jwenn plas nan lekòl ki pi bon pou yo. Kidonk, si w gen yon pitit ki gen 4 ane, li trè enpòtan pou w enskri l nan tout lekòl ki disponib pou fanmi ou.
Sonje: ou ka enskri pitit ou a pou nenpòt ki plas lekòl yo jwenn nan Boston, men sa pa vle di ou oblije enskri pitit ou a nan lekòl kote yo te resevwa plas la. Nan Boston School Finder, nou remen fè fanmi yo sonje ou ka toujou refize yon plas ou resevwa, men ou pa ka refize yon plas ou pa genyen.
Boston te pran angajman pou ofri plas UPK—Inivèsèl Pre-Kindègadenn—nan lekòl K0/K1 nan lekòl BPS yo ak plas pou timoun ki gen 4 lane nan Òganizasyon Kominotè yo. Apati 2021, gen yon kantite plas trè limite pou timoun ki gen 3ane ki disponib tou.
Plas yo nan pwogram UPK Boston nan GRATIS pou fanmi Boston yo epi se founisè sèvis endepandan yo rele Òganizasyon Kominotè, oswa CBO pou pi kout, ki ofri sèvis sa yo. Pwogram UPK k ap patisipe yo suiv kourikoulòm BPS ki deja egziste a ak nòm yo pou plas K1 nan lekòl BPS yo epi pwofesè nan CBO k ap patisipe yo resevwa fòmasyon nan kourikoulòm sa a tou.
Lè w pran yon plas UPK pou pitit ou ki gen 4 ane, sa ba li priyorite pou yon plas K2 nan yon lekòl BPS ane jis apre a atravè Sistèm Asosyasyon UPK a (UPK Connector System). Lè w enskri pitit ou nan UPK, pi devan l ap pi fasil pou l resevwa yon plas nan yon lekòl BPS li pral chwazi a ak yon klas K2.
Jan pou enskri pitit ou ki gen 4-ane ya nan lekòl ki Boston
Chwazi yon lekòl ki ale anpil ak pitit ou a se youn nan desizyon ki pi enpòtan ou ka pran antanke paran—e nou kwè li enpòtan pou fanmi yo fè pitit yo antre nan yon lekòl ki bon pou li lepli bonè yo kapab. Li sou kijan pou enskri epi aplike nan tout opsyon ki disponib yo pou timoun ki gen 4 ran nan Boston.
Pwogram UPK Boston an
Nan Lekòl Piblik Boston yo
Kounye a, gen 78 lekòl BPS ki ofri plas nan K1 pou elèv ki pral gen 4 ane lè 1ye septanm oplita. Dèske pa gen anpil plas ki disponib nan klas K0 ak K1, nou rekòmande pou chak fanmi ki gen yon timoun ki gen 4 ane pou yo enskri l pou yon plas K1 BPS pandan Enskripsyon Priyoritè yo a.
Pou klas K 0 ak K 1 , fanmi yo dwe enskri anvan 3 fevriye, 2023 pou yo kalifye pou BPS Priyorite Enskripsyon.Fanmi yo ka toujou enskri yo pou jwenn yon plas nan K0 ak K1 apre dat limit sa a, men li pral trè difisil pou gen plas ouvè ki disponib pou pitit ou a nan yon lekòl.
Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri li gid Kijan pou Enskri nan BPS nou an.
Òganizasyon ki Baze sou Kominote yo (CBO) ki nan UPK
Gen plas anplis pou timoun ki gen 4lane nan tout Boston nan kad pwogram UPK a:
Pou enskri pitit ou nan UPK nan yon CBO pou ane lekòl 2023-2024 a:
-
Pitit ou a dwe gen 3 oswa 4 ane anvan 1 septanm, 2023.
-
Aplikasyon an pou ane lekòl 2023-24 la ap ouvri 1 mwa mas, 2023. Aplikasyon yo ap aksepte ofiramezi, plas yo ap ranpli.Nou ankouraje fanmi yo pou yo fè demann admisyon yo bonè pou yo ka gen pi bon chans jwenn opsyon ki pi bon pou yo a.
-
Kontakte Arlene Sanchez, Manadjè Enskripsyon UPK Boston pou Lekòl Piblik Boston yo, pou diskite sou opsyon UPK ki disponib pou ou yo. Imel li se upk@bostonpublicschools.org epi ou ka rele l nan 617-635-1507.
Pou j wenn plis enfòmasyon sou pwogram UPK Boston an, tanpri ale sou nouvo paj Pre-K Inivèsèl (Universal Pre-K) Boston nan sou sit entènèt Lekòl Piblik Boston an.
Sistèm Koneksyon UPK a (UPK Connector System) konekte elèv klas K1 k ap patisipe nan UPK CBO yo avèk kèk klas K2 an patikilye nan Lekòl Piblik Boston yo. Konektè a bay timoun UPK yo plis chans pou yo konekte nan lekòl K2 ki fè yo plezi a, men li pa garanti yon plasman nan lekòl patikilye yo. Fanmi ki vle itilize Konektè UPK a dwe enskri pitit yo a nan DiscoverBPS pandan peryòd enskripsyon priyoritè K2 a.
Nan Lekòl Piblik Endepandan Commonwealth yo
Gen plizyè Lekòl Piblik Endepandan Commonwealth nan Boston ki ofri plas nan K1 pou timoun ki gen 4 ran. Yo se lekòl piblik gratis, ki pa fè pati distri Lekòl Piblik Boston an.
Se lotri ki detèmine plasman nan lekòl piblik endepandan Commonwealth yo.
Pou patisipe nan Tiraj Osò Lekòl Endepandan an, fanmi yo dwe ranpli Aplikasyon an pou Tiraj Osò Lekòl Endepandan vil Boston sou Entènèt lè 28 fevriye 2023 oplita.
Lotri lekòl piblik endepandan Boston yo ap fèt nan dat 9 mas 2023. Lekòl sa yo ap fè elèv yo ak fanmi yo konn rezilta lotri yo nan kòmansman mwa mas. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri li gid Kijan pou Fè Demann Admisyon nan Lekòl Piblik Endepandan nou an.
Nan Lekòl Prive ki gen Afilyasyon Relijye
Gen anpil lekòl relijye prive ki ofri plas pou timoun ki gen 4 lane; anpil lekòl katolik gen plas pou timoun ki gen 3 lane epi ki pi piti.
Ki rele tou lekòl pawasyal, Boston gen yon seri lekòl prive ki gen afilyasyon relijye, sa gen ladan yon bon kou lekòl katolik. Pandan lekòl prive ki gen afilyasyon relijye yo koute lajan pou ale ladan yo, anpil nan lekòl sa yo ofri èd ak/oswa bous detid pou elèv yo. Gen kèk lekòl katolik ki gratis oswa ki ofri kou ki sibvansyone, ki depann de revni.
Pou enskri pitit 4 ran ou an nan youn nan lekòl sa yo, tanpri kontakte chak lekòl dirèkteman. Ou ka itilize zouti Rechèch Lekòl nou an pou jwenn enfòmasyon pou kontakte yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri li gid Kijan pou Fè Demann Admisyon nan Lekòl Prive nou an.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la