Pwogram Dete pou Jenès Boston an
Poukisa Mwen Dwe Fè Plan pou Vakans Dete Lè Pitit Mwen an Pa Lekòl?
Ete ka yon tan pou detant ak plezi, men se yon tan enpòtan tou pou prepare pou ane lekòl k ap vini an.
Selon Boston After School & Beyond, "Rechèch yo montre ke yon gwo pati nan diferans nan reyisit ant elèv ki soti nan fanmi ki gen revni ki ba ak kanmarad yo kapab gen kòm eksplikasyon yo pa jwenn menm opòtinite dete yo."
Kisa sa vle di pou pitit ou a? Eka reyisit la se yon tèm k ap eseye eksplike poukisa gen elèv ki degaje yo byen lekòl alòske gen lòt ki gen plis difikilte. Lè yo jwenn pwogram dete adekwat, elèv sa yo ki gen difikilte lekòl ka amelyore lè yo retounen lekòl nan otòn nan. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou enpòtans aprantisaj pandan ete nan seyans Kesyon ak Repons nou an avèk Boston After School & Beyond.
Pwogram yo pou Ete 2021 an nan Boston
Gen anpil pwogram dete bon mache ak gratis pou fanmi ki andedan ak toupre Vil Boston. Lekòl Piblik Boston yo bay yon lis divès kalite opòtinite dete pou jèn yo, soti nan kan, pwogram, ak aktivite rive nan travay, estaj, ak benevola, tout triye selon nivo klas ak nivo laj. Ale sou sit entènèt BPS Summer Stuff la isit la .
Pandemi an gen konsekans sou disponibilite kèk pwogram, men toujou gen pwogram dete ki planifye fonskyone an pèsòn oswa avèk orè modifye pou ete 2021 an, epi an menm tan kontinye suiv direktiv eta ak lokal yo pou sekirite tout patisipan yo pandan pandemi an.
- Gade Gid Kan ak Pwogram pou Ete 2021 nou an pi ba a.
- Telechaje Gid Kan ak Pwogram pou Ete 2021 nou an sou fòm PDF nan lang angle isit la.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la