Evènman rapid
Lè transpò piblik
Pou wè lè transpò piblik ki disponib yo, antre anplasman ou a anba.
Tanpri sonje, elèv yo gendwa kalifye pou jwenn transpò tou depann de klas ak ki distans yo rete de lekòl la. Tanpri ale nan Kesyon yo Souvan Poze sou transpò pou jwenn plis enfòmasyon.
Enskripsyon
Enfòmasyon sou lekòl la
Holmes School se yon lekòl ki entegre tout elèv ("inclusion school") nan 21yèm syèk la. Pou lenstan, nou gen 21 sal de klas entegre ("inclusion"), kote pwofesè ki gen de oswa twa sètifikasyon ap anseye. Tout elèv yo patisipe nan inite edtid ki gen kòm tèm jistis Sosyal epi ki baze sou pwojè. Tout elèv yo patisipe nan aktivite atistik, syans, kodaj, robotik, panyòl, edikasyon fizik, Tae Kwon Do, ak mizik. Nou genyen tou yon koral ak yon òkès ki totalman entegre.
Randman lekòl la
Done sou pèfòmans elèv yo ki afiche pi ba a soti nan rezilta nouvèl Jenerasyon MCAS a. Pou plis done sou lekòl yo, tanpri ale sou sitwèb Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè an (DESE) sou sitwèb. Pou lekòl ki gen plizyè kanpis yo, done ki anba yo reprezante tout lekòl nan rezo sa a, se pa sèlman yon sèl lekòl, sof si gen lòt konsiy. Si yo pa montre done yo, li pa disponib pou lekòl sa a (pa egzanp lekòl la ka pa genyen okenn klas yo teste yo, oswa li ka twò piti pou yo pibliye nòt li yo piblikman).
REMAK ENPÒTAN: DESE pa te pibliye desizyon sou responsabilite ni lekòl, ni distri, ni eta a pou ane lekòl 2019-2020 an akòz anilasyon evalyasyon leta yo ak fèmti lekòl yo poutèt COVID-19. Poutèt sa, pa gen okenn done sou rezilta elèv ki disponib nan eta a pou ane lekòl 2019-2020 an.
Konparezon ak randman lekòl la
Ki pèfòmans lekòl sa a parapò ak lòt lekòl yo?
Lekti: Distri
Rezilta yo pi ba pase mwayèn distri BPS la
Lekti: Leta
Rezilta yo pi ba pase mwayèn Leta a
Matematik: Distri
Rezilta yo pi ba pase mwayèn distri BPS la
Matematik: Leta
Rezilta yo pi ba pase mwayèn Leta a
Konbyen elèv te reyisi egzamen MCAS la?
Sa gen ladann nòt pou tout klas yo te fè tès pou yo nan lekòl la.
Demografi & divèsite
Lòt Enfòmasyon
Anba pwogram lekòl
Anvan Lekòl 7:00pm-9:00am. (frè yo vare)
Pwogram apre lekòl
Achieve (Reyisi!) pa GRASP, 3,20-6:00 p.m. aktivite akademik ak anrichisman (frè yo varye).
Deskripsyon Inifòm
Jip, pantalon, djonmpè ble fonse oswa kaki, avèk yon mayo, k`òsaj oswa mayo a kòl blan, oswa ble pal, avèk Logo Holmes lan, soti L&M.
Gen klas ki gen travay avanse ki disponib
Excellence for All (Ekselans akademik pou tout timoun) soti 4yèm ane rive 5yèm ane.
Opsyon sipò yo
-
Gwo nivo ki bezwen enklizyon
Pwoblèm emosyonèl
-
Kowòdonatè fanmi
Enfimyè a plen tan