Evènman rapid
Lè transpò piblik



Pou wè lè transpò piblik ki disponib yo, antre anplasman ou a anba.
Tanpri sonje, elèv yo gendwa kalifye pou jwenn transpò tou depann de klas ak ki distans yo rete de lekòl la. Tanpri ale nan Kesyon yo Souvan Poze sou transpò pou jwenn plis enfòmasyon.
Enskripsyon
Enfòmasyon sou lekòl la
BCLA ofri yon pwogram preparatwa pou kolèj ki rijid epi akseptasyon nan kolèj se yon egzijans pou gradyasyon. Lekòl pilòt nou an konsantre sou devlope elèv ki pral lidè demen atravè aprantisaj sèvis kominotè ak aderans a atant solid nan nivo akademik, sosyal, e sivik. Nou rankontre avèk chak elèv nan nivo pa li epi prepare li pou li reyisi nan kolèj. Kou yo gen ladan klas AP, lang mondyal ak boza. Opinyon elèv yo enpòtan anpil e gide pratik ak règleman lekòl nou an.
Randman lekòl la
Done sou rezilta elèv yo ki afiche pi ba a se sa Next Generation MCAS. Pou jwenn plis done sou lekòl yo, tanpri ale sou sit entènèt Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè a (Department of Elementary and Secondary Education, DESE). Pou lekòl ki gen plizyè kanpis yo, done yo ki anba a se done pou tout lekòl nan rezo sa a, se pa sèlman pou yon lekòl. Si done yo pa parèt, yo pa disponib pou lekòl sa a.
REMAK ENPÒTAN: DESE pa te pibliye desizyon sou responsabilite ni lekòl, ni distri, ni eta a pou ane lekòl 2019-2020 an akòz anilasyon evalyasyon leta yo ak fèmti lekòl yo poutèt COVID-19. Poutèt sa, pa gen okenn done sou rezilta elèv ki disponib nan eta a pou ane lekòl 2019-2020 an.
Konparezon ak randman lekòl la
Ki pèfòmans lekòl sa a parapò ak lòt lekòl yo?
Lekti: Distri
Rezilta yo pi ba pase mwayèn distri BPS la
Lekti: Leta
Rezilta yo pi ba pase mwayèn Leta a
Matematik: Distri
Rezilta yo pi ba pase mwayèn distri BPS la
Matematik: Leta
Rezilta yo pi ba pase mwayèn Leta a
Konbyen elèv te reyisi egzamen MCAS la?
Ki kantite elèv te rive gradye?
Gradyasyon ak asistans nan inivèsite a
Demografi & divèsite
Opsyon sipò yo
-
Gwo nivo bezwen enklizyon (Pwoblèm emosyonèl-Entènalize).
Analiz konpòtman aplike
-
Imèsyon nan Lang Anglè - Plizyè Lang pou klas 9yèm, 10yèm, 11yèm, 12yèm
-
Enfimyè a plen tan
Konseye pedagojik
Sant sante sou entènèt
Travayè sosyal