William E Carter School

BPS/Distri6kyèm - 12zyèm
396 Northampton Street, Roxbury
Nivo lekòl la:
Pa Aplikab

BPS mezire kalite lekòl nan itilize yon sistèm nivo klase pou tout lekòl distri a. Nivo 1 se pi gwo nòt kalite a (Vèt); Nivo 4 (Wouj) se pi ba nòt kalite.

Nivo eta a: Done yo pa sifi

Nivo eta aplike pou sèlman lekòl distri ak endepandan yo epi se Massachusetts Department of Elementary and Secondary Education (DESE) ki asiyen yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon, ou ka ale tou sou Kesyon Ki Souvan Poze nou yo.

Evènman rapid

people icon
Enskripsyon 31 Elèv
apple icon
Elèv/Pwofesè 24:1
shirt icon
Inifòm Non
people icon
Sèks Gason ak fanm
bell icon
Lè li Kòmanse/Fini 9:30am-3:30am
phone icon
Nimewo telefòn617-635-9832
envelope icon
Adrès imèl Lekòl kontak
Ikòn pou sit wèb la
Sit entènèt Ale sou sit entènèt

Lè transpò piblik

Mete adrès la ajou
walking icon
Pa gen done sou mache Pa gen done sou mache
walking icon
Pa gen done sou kondui Pa gen done sou kondui
walking icon
Pa gen done sou transpò piblik Pa gen done sou transpò piblik

Pou wè lè transpò piblik ki disponib yo, antre anplasman ou a anba.

Itilize anplasman aktyèl la

Tanpri sonje, elèv yo gendwa kalifye pou jwenn transpò tou depann de klas ak ki distans yo rete de lekòl la. Tanpri ale nan Kesyon yo Souvan Poze  sou transpò pou jwenn plis enfòmasyon.

Enskripsyon

Ou pa kapab chwazi lekoòl sa a pase pa pwosesis plasman nòmal la. Elèv la dwe gen referans apatide yon reyinyon Ekip Evalyasyon pou Ansèyman Espesyal la.
Klike sou Enskri pou pre-enskri pitit ou a. W ap gen pou ale nan yon Sant Akèy (Welcome Center) pou fini enskripsyon an.
Enskri Kounye a

Enfòmasyon sou lekòl la

Carter School se yon lekòl piblik Boston ki chita ant katye Lower Roxbury ak katye South End Boston yo. Elèv nou yo ki gen ant laj 12 ak 22 an, gen alafwa andikap ki grav ak entansif ak bezwen konplèks pou sante yo. Akòz difikilte san parèy sa yo, chak saldeklas gen senk elèv sèlman, yon pwofesè, ak de asistan pwofesè. Elèv yo travay endividyèlman tou avèk yon varyete terapis. Pwopòsyon ba sa a pèmèt anplwaye nou yo travay an kolaborasyon sere avèk fanmi yo, pwofesyonèl medikal yo, ak sèvis sosyal yo pou kreye pwogram pedagojik endividyalize. Nou gide fanmi yo nan pwogram pedagojik sa yo avèk soutyen nan men kowòdonatè resous paran nou an ak yon travayè sosyal. Anplis kourikoulòm toulejou elèv nou yo, nou konplete eksperyans pedagojik yo avèk evènman nou òganize lekòl la, pwogram ouvè pou tout distrik la, ak aktivite kominotè. Gen de enfimyè a plentan ki bay elèv nou yo swen sante, epitou ki fasilite kowòdonasyon sèvis medikal yo. Nan tout lekòl la, konsantrasyon nou nan nivo pedagojik se elabore leson ak pwogram ki ogmante kapasite chak elèv pou li kominike, pou elèv nou yo ka atenn potansyèl yo pou yon endepandans maksimòm ak meyè kalite lavi posib.

Elèv nou yo ki gen reta entelektyèl grav/pwofon, andikap fizik, ak pwoblèm medikal konplèks, egzije swen pèsonèl total. Nan Carter School, nou swiv yon Modèl Transdisiplinè kote pwofesè/terapis yo travay ansanm pou atenn objektif pedagojik yo. Kominote eskolè nou an reprezante anpil ras ak kilti. Jaden Saldeklas Anplennè pou Gerizon Sansoryèl nou an (Outdoor Classroom Sensory Healing Garden) ajoute sou espas pou aprantisaj la, epi bay elèv nou yo aksè a aktivite ekolojik ak mouvman fizik anplennè.

Randman lekòl la

Done sou pèfòmans elèv yo ki afiche pi ba a soti nan rezilta nouvèl Jenerasyon MCAS a. Pou plis done sou lekòl yo, tanpri ale sou sitwèb Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè an (DESE) sou sitwèb. Pou lekòl ki gen plizyè kanpis yo, done ki anba yo reprezante tout lekòl nan rezo sa a, se pa sèlman yon sèl lekòl, sof si gen lòt konsiy. Si yo pa montre done yo, li pa disponib pou lekòl sa a (pa egzanp lekòl la ka pa genyen okenn klas yo teste yo, oswa li ka twò piti pou yo pibliye nòt li yo piblikman). 

REMAK ENPÒTAN: DESE pa te pibliye desizyon sou responsabilite ni lekòl, ni distri, ni eta a pou ane lekòl 2019-2020 an akòz anilasyon evalyasyon leta yo ak fèmti lekòl yo poutèt COVID-19. Poutèt sa, pa gen okenn done sou rezilta elèv ki disponib nan eta a pou ane lekòl 2019-2020 an.

Konparezon ak randman lekòl la

Ki pèfòmans lekòl sa a parapò ak lòt lekòl yo?

rezilta yo menm
Lekti: Distri

Rezilta yo menm ak mwayèn distri BPS la

rezilta yo menm
Lekti: Leta

Rezilta yo menm ak mwayèn Leta a

rezilta yo menm
Matematik: Distri

Rezilta yo menm ak mwayèn distri BPS la

rezilta yo menm
Matematik: Leta

Rezilta yo menm ak mwayèn Leta a

Konbyen elèv te reyisi egzamen MCAS la?
Sa gen ladann nòt pou tout klas yo te fè tès pou yo nan lekòl la.

Angle
Matematik

Demografi & divèsite

26
Enskripsyon total
Divèsite elèv
22.70
Kontaj ekivalan anplwaye a tan plen
Divèsite anplwaye yo

Opsyon sipò yo

Enskripsyon

Ou pa kapab chwazi lekoòl sa a pase pa pwosesis plasman nòmal la. Elèv la dwe gen referans apatide yon reyinyon Ekip Evalyasyon pou Ansèyman Espesyal la.
Klike sou Enskri pou pre-enskri pitit ou a. W ap gen pou ale nan yon Sant Akèy (Welcome Center) pou fini enskripsyon an.
Enskri Kounye a

Konpare ak Prefere mwen yo

Tounen anlè a
Ou gen yon kesyon?

Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la