Kijan Pou Enskri pou Lekòl Piblik Boston Pandan COVID-19

Enskripsyon pou Lekòl Piblik Boston yo kòmanse nan madi, 5 janvye 2021. Akòz pandemi kowonaviris ki genyen kounye a, gen kèk pati nan pwosesis enskripsyon an ki parèt yon ti jan diferan ane sa a. Men sa ou dwe konnen pou enskri pitit ou alè.
Pwosesis enskripsyon nan lekòl BPS la gen de pati enpòtan: klasman lekòl ou yo ak verifikasyon ou rete nan Vil Boston. Kounye a, tout Sant Dakèy BPS yo fèmen tanporèman akòz pandemi an, kidonk pifò nan dokiman ak pwosesis ou ta fè an pèsòn nan yon Sant Dakèy ka ranpli sou entènèt ak nan telefòn.
Klike la a pou wè videyo sa a an panyòl.
1. Konnen dat Enskripsyon Priyoritè nan BPS pou pitit ou a.
BPS fè de tou enskripsyon priyoritè. Premye tou enskripsyon priyoritè a fèt apati de madi, 5 janvye jiska vandredi, 29 janvye 2021 pou elèv k ap antre nan klas K0, K1, 6yèm ane, 7yèm ane, ak 9yèm ane nan mwa septanm 2021.
Dezyèm tou enskripsyon priyoritè a fèt apati de lendi, 8 fevriye jiska lendi, 5 avril 2021 pou elèv k ap antre nan tout lòt ane yo an septanm 2021: pi presizeman, klas K2, 1ye, 2yèm, 3yèm, 4yèm, 5yèm, 8yèm, 10yèm, 11yèm, ak 12yèm ane.
-
KONSÈY: Ou pa sèten ki klas K ki aplike pou pitit ou a? Yo deside klas nivo K sa yo dapre laj, selon fòmil sa a: Si pitit ou ap gen laj _____ disi 1ye Sep. 2021, li kalifye pou antre nan ane ____.
-
Laj 3 = Klas K0
-
Laj 4 = Klas K1
-
Laj 5 = Klas K2
-

2. Rasanble dokiman yo mande yo kòm prèv rezidans.
BPS egzije yon total 5 dokiman endividyèl pou verifye pitit ou a rete nan Vil Boston, men dokiman sa yo dwe ranpli kondisyon presi, soti nan kalite dokiman ki akseptab yo rive nan dat yo te emèt dokiman sa yo.
Akòz fèmti tanporè tout Sant Dakèy BPS yo, ou pral mete dokiman sa yo sou entènèt, kidonk li itil pou w rasanble tout sa ou bezwen anvan ou kòmanse enskripsyon w lan.
Men yon lis dokiman rezidans obligatwa ou bezwen pou fè enskripsyon w lan . Lis Kontwòl Dokiman Obligatwa pou Enskripsyon nan BPS sa a disponib nan lang angle, panyòl, kreyòl ayisyen, kapvèdyen, vyetnamyen, chinwa, pòtigè, franse, arab, ak somali nan lyen ki pi wo a.
-
KONSÈY: Si ou pa gen papye oswa si ou pa gen yon adrès pèmanan, pitit ou a toujou gen dwa a yon edikasyon piblik gratis nan Lekòl Piblik Boston yo. Li lis Kesyon Yo Poze Souvan nou an pou plis enfòmasyon sou sikonstans espesyal sa yo.
3. Enskri alavans pou BPS epi klase lekòl ou yo sou entènèt.
Pwosesis enskripsyon alavans la pèmèt ou fè enskripsyon pou BPS ou a sou entènèt, tankou ranpli enfòmasyon sou timoun ou an ak klase lekòl ou yo. Ou toujou genyen pou rele nan telefòn epi pale ak yon Espesyalis Enskripsyon Sant Dakèy an pèsòn pou fini pwosesis enskripsyon nan lekòl la, menm si ou enskri alavans.
Ouka menm fè enskripsyon alavans la menm jou a anvan ou pale ak yon Espesyalis Enskripsyon Sant Dakèy.
-
KONSÈY: Ou bezwen èd pou deside kijan pou klase lekòl ou yo? Gid lekòl Great-Fit nou an ka ede.
4. Pran randevou pou apèl ak Sant Dakèy ou an sou entènèt pou fini enskripsyon w lan.
Pou fini pwosesis enskripsyon w lan, ou ka pale ak yon Espesyalis Enskripsyon Sant Dakèy la nan telefòn. Menm si li pa nesesè pou pran randevou pou apèl telefonik avèk Espesyalis Enskripsyon Sant Dakèy la, nou rekòmande pou fanmi yo pran yon randevou ki pi bon pou pwòp orè pa yo.
Anplis de sa, ou ka pran randevou pou pale ak yon Espesyalis Enskripsyon nan lang natif natal ou. Apèl telefonik yo ak Sant Dakèy la disponib nan lang angle, panyòl, kreyòl ayisyen, kapvèdyen, vyetnamyen, chinwa, pòtigè, franse, ak somali.
-
KONSÈY: Pran randevou ak Sant Dakèy ou a isit la sou entènèt.
Pou pran plis enfòmasyon sou kijan pou enskri pitit ou a nan lekòl nan Boston, ale sou Zouti Enskripsyon nan Lekòl nou an isit la.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la