Dapre dènye nouvèl sou eliminasyon tès ki rele ISEE Test for BPS Exam Schools

5 fevriye 2020, The Boston Globe pibliye yon atik ki dekri jan Education Records Bureau (ERB) te sispann relasyon li ak Boston Public Schools akoz jan li jere tès ISEE pou antre nan three exam schoolske vil la bay. Lè ERB chwazi pou li fè deklarasyon an fè moun sezi epi, olye li bay repons, li soulve plis kesyon tankou: kijan yo pran desizyon pou lese tonbe ISEE ya, epi ki moun ki te pran li?
Kèlkeswa jan yo te pran desizyon an, oswa ki egzamen yo pral itilize nan tan kap vini an, nou byen kwè ke lè yon lekòl bezwen yon tès pou admisyon, p ap janm gen jistis nan sa. Finalman, retire yon baryè ki egziste pou jwenn aksè, epi rekonsidere tout pwosesis admisyon Exam School yo, bay fanmi Boston afè pa bon yo, yon gwo viktwa pou yo ka gen yon chans tou, pou pitit yo jwenn kalite edikasyon ki siperyè.
Pa gen manti nan sa ke aksè nan exam school Boston yo te gen yon histwa ki pa montre jistis epi konfli nan zafè admisyon nan exam school yo yon pwoblèm ki te la anvan nouvo lidèchip Doktè Cassellius. Se poutèt sa nou te gen ankourajman lè Doktè Cassellius montre klèman entansyon distri a pou li chache yon lòt wout ki pa mennen menm kote ak ISEE a.
BPS gen yon kokennchenn opòtinite devan tèt li kounye a pou montre vrè angajman li pran pou Plan Estratejik Dr. Cassellius la ki se: devlope yon exam school estanda ki ogmante aksè chak elèv nan distri a kèlkeswa ras li oswa pozisyon sosyal li. Lè yo lese tonbe ISEE ya li ale nan menm liy ak plizyè eleman pi gwo nan Plan Estratejik la, espesyalman, objektif ki tounen ozalantou siksè pou elimine lakinn; siksè nan aprantisaj akselere, ak siksè nan chache pi gwo opòtinite. Objektif distri a pou “anplifye tout vwa” bay an mèm tan yon opòtinite inik pou enkli fanmi ak patnè nan pwosesis distri a pou jwenn estanda pi ekitab pou exam school yo bay pou fè elèv antre.
Kòm yon òganizasyon misyon nou se konekte fanmi yo ak enfòmasyon yo bezwen pou yo ka pran otan ke posib pi bon desizyon sou gwo lekòl ki anfòm pou fanmi yo; misyon pi empòtan an se jan pou fanmi yo ka jwenn lekòl sa yo.
Kèlkeswa sa nouvo estanda pou exam school la ye pou antre lekòl, travay nou an ap rete menm jan an: nou kontan an avans pou kontinye patenarya ak BPS epi pou di fanmi yo sa nouvo estanda tès yo pral ye, ansanm ak kouman epi ki lè yo ka anrejistre epi prepare yo. Etandone pèspektiv premye liy inik nou genyen, nou envite BPS pou ranfòse gwo konpreyansyon nou genyen osijè kote fanmi kap lite pi plis ak exam school pou pwosesis admisyon epi ede yo chwazi pwosesis pi ekitab pou tout moun.
Lè nap pwogrese, nou espere ke distri ya pral respekte angajman li pou li vin pi transparan pandan y ap eksplore opsyon yo pou jwenn yon solisyon ki santre sou fanmi yo, ki pouse zegwi bon jan kalite a nan tout distri a; e non pa sèlman nan exam school yo.
Latoya Gayle
Executive Director, Boston School Finder
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la