Kijan pou w enskri alavans pou Lekòl Piblik Boston (BPS) yo
- Pou telechaje enfòmasyon sa yo nan lang natif natal ou, itilize navigatè ou a pou enprime paj sa a.
- Gade Zouti Enskripsyon Lekòl pou Fanmi ki konplè nou an.
Lekòl Piblik Boston yo ofri pre-enskripsyon nan mwa desanm anvan enskripsyon priyoritè a kòmanse nan mwa janvye. Pwosesis pre-enskripsyon an pèmèt ou ranpli pifò fòmalite enskripsyon BPS ou yo sou entènèt, tankou ranpli enfòmasyon sou pitit ou a ak klase lekòl ou yo.
Kilè mwen ka fè pre-enskripsyon timoun mwen an(yo) pou BPS?
An jeneral, enskripsyon BPS alavans lan kòmanse nan mwa desanm.
Kijan pou mwen fè pre-enskripsyon sou entènèt?
1. Rasanble dokiman yo mande yo kòm prèv rezidans.
Tout Sant Dakèy BPS yo fèmen tanporèman pou piblik la akòz pandemi an. Sepandan, w ap kapab telechaje dokiman verifikasyon rezidans yo mande ou yo sou entènèt nan pwosesis pre-enskripsyon sa a.
Telechaje TOUT dokiman sa yo:
- Ak nesans orijinal timoun nan, fòmilè I-94, oswa paspò; EPI
- Dosye vaksinasyon ajou timoun lan; ak
- Pyès idantite paran/responsab la ki gen foto.
Telechaje DE nan dokiman sa yo: Remak: dokiman yo pa ka sòti nan menm liy nan lis ki pi ba a:
- Bòdwo sèvis piblik (pa ka dlo oswa telefòn selilè) ki gen dat nan dènye 60 jou yo
- Kontra lwaye aktyèl, akò seksyon 8 oswa Afidavit Rezidans BPS
- Papye pwopriyete, peman ipotèk ki gen dat nan entèval dènye 60 jou yo oswa bòdwo taks pwopriyete nan ane pase
- Deklarasyon bankè oswa kat kredi ki gen dat nan entèval dènye 60 jou yo
- Fòm W2 ki gen dat nan entèval ane pase a oswa fich peman ki gen dat nan entèval 60 jou pase yo.
- Lèt ki soti nan ajans gouvènman apwouve ki gen dat nan entèval 60 jou
2. Ale sou DiscoverBPS sou Entènèt.
Desann nan pati anba a nan sit entènèt la, epi klike sou lyen ki di "Kòmanse Pwosesis Pre-enskripsyon an." Y ap mennen w nan Portay sou Entènèt BPS Student Information System nan.
3. Kreye kont sou entènèt ou.
Nan paj ki vin apre a, suiv lyen ki di: "Ou bezwen pre-enskri pou BPS? Klike la epi chwazi 1ye opsyon an." Suiv enstriksyon yo pou kreye yon kont sou entènèt.
4. Konekte sou Pòtay Sistèm Enfòmasyon sou Elèv BPS la , yo rele li tou "SIS" oswa "Aspen."
Lè ou fin konekte, ranpli fòmilè pre-enskripsyon ou an sou entènèt. Antre enfòmasyon ou kòm paran/moun k ap okipe timoun nan ansanm ak enfòmasyon sou pitit ou a(yo). W ap klase lekòl ou yo epitou w ap gen posibilite telechaje dokiman verifikasyon rezidans ou nan moman sa a.
Ou kapab jwenn enstriksyon detaye sou kijan pou w pre-enskri sou entènèt isit la nan lang angle.
4. Pran yon randevou pou vizite yon Sant Akèy an pèsòn OSWA a distans pou finalize enskripsyon an nan telefòn.
Menmsi w te enskri w alavans, ou dwe tèmine enskripsyon w kanmenm. Pou sa ka fèt, ou dwe pale ak yon espesyalis enskripsyon ki nan Sant Akèy la. Rezève randevou w a distans nan telefòn oswa pran yon randevou an pèsòn nan yon Sant Akèy isit, sou Entènèt. Lè w ap rezève yon randevou telefònik sou Entènèt, ou gen posiblite mande randevou a nan lang natif natal ou, si sa nesesè.
Si ou gen kesyon, tanpri kontakte Sèvis Dakèy BPS yo nan 617-635-9010.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la